Ant kritik ak konstriksyon : Yon analiz pou transfòme edikasyon - TopicsExpress



          

Ant kritik ak konstriksyon : Yon analiz pou transfòme edikasyon nan Aken Nan lane 1990 yo yon timoun ki te lekòl kay mè nan Aken se te yon modèl. Tout paran te santi yo fyè pou yo te di se te kay mè yo te mete pitit yo lekòl. Se pa paske yo te peye chè pou ta di se dyòlè yo t ap fè pou montre yo se grannèg, men se pito paske timoun yo ki te nan lekòl la te fè prèv yo te aprann : yo te gen disiplin, yo te respekte moun epi yo te plizoumwen gen kapasite entèlektyèl ak akademik yo te dwe genyen. Non mè ki t ap dirije lekòl la nan epòk sa yo toujou ap site nan vil la. Sè Rachèl Deravin ak Ejeni Vòb se de non ki pa janm sispann site. Lè mè yo ta pral mete 3èm sik fondamantal, Nòtredamdisakrekè se te referans pou tout fanmi ki te sousye pou edikasyon pitit yo nan tout komin nan, menm nan awondisman an. Malerezman, pou l te reponn ak egzijans pedagojik yo li pat ka ouvè pou tout moun. Yo toujou di tout kòmansman toujou bon. Alòs, nou menm nou pa di sa. Pa gen manti nan sa nan kòmansman lane 2000 yo youn nan referans, pou n pa di sèl referans , lekòl nan vil la se te lekòl kay mè a. Plizyè nan pwofesè yo te soti Okay epi rès yo te soti nan Aken tankou sa toujou ap fèt jounen jodi a. Sepandan, menmsi lekòl la toujou rete nan menm plasman an, li toujou pote menm non an, li toujou gen pwofesè Okay ak Aken, se mè ki toujou ap dirije l se pa menm lekòl 90 ak kòmansman ane 2000 yo ki la. Daprè dizon ak refleksyon kèk paran, pwofesè, elèv ak moun ki entèrese ak edikasyon nan Aken lekòl kay mè a tonbe plat atè nan sa ki gen rapò ak fè lekòl. Kisa ki pase lekòl kay mè a nan Aken ? Poukisa moun nan vil la yo kritike fonksyonman lekòl la ? Poukisa sèten paran retire pitit yo nan lekòl la pou voye yo Okay oubyen nan lòt vil ? Poukisa kèk pwofesè nan vil la di yo pa bezwen anseye ka mè a ? Kisa k ap pase nan lekòl kay mè a ? Kisa ki lage lekòl la nan labou santi sila ? Eske lekòl la kapab reprann figil ? Kisa ki ta dwe fèt pou remete lekòl la kanpe sou de pye l ? Nan fouye zo nan kalalou nou te rive wè ak tande kèk bagay ki enpòtan pou konprann kriz k ap depafini ak lekòl la. Nou te fè obsèvasyon epi nou te brase lide ak plizyè kategori moun nan vil la pami yo te gen paran, elèv, pwofesè ak otorite vil la. Sa ki pral ekri pi devan yo se rezilta ankèt nou mennen sou kriz k ap degrade Nòtredamdisakrekè a. Nou swete lektè ak lektèz nou yo pa panse nou antre nan lojik pale lekòl la mal pou kraze l. Okontrè nou vle mennen yon demach kritik-konstriktiv pou fè ripti ak move pratik, ak dezòd, ak vagabondaj nan fason ledikasyon ap fèt nan vil la. Demach nou an kapitalize sou kritik dinamik ak dyalektik pou touche epistemoloji fè lekòl la, dimwens nan Aken. Se yon demach kritiko-dyalektik ak epistemolojik sou pratik fè lekè lekòl nan Aken. Nou chwazi lekòl kay mè a pou echantiyon. Nan yon dènye pase nou te fè nan lekòl kay mè a, kisa nou te obsève ? Nou te obsève sal klas sal, sal klas ki sèvi chemen menm pandan pwofesè ap travay, sal klas delabre. Nou te obsève elèv pa respekte pwofesè, yo pale ak pwofesè jan yo vle, yo pa montre okenn respè ak disiplin. Nou te obsève tou pwofesè ki pa gen okenn otorite moral ak akademik sou elèv yo, direktris la pa fè eksepsyon. Anplis nou te obsève jeran k ap tire kòd avèk elèv. Lòt bagay se mepri ak fristrasyon ki egziste nan mitan chak gwoup moun ki konstitiye lekòl la.Lekòl la tounen otou yon sèl moun : direktris la ki pran tout chay pou li soti nan gadri a pou rive nan segondè a epi mete tout moun aleka, li voye sansè a aleli pa ranplase l.Fòk nou di li voye sansè a ale tankou… Pou fini nou fouye je gade nan yon espas ouvè, nou wè yon zo kabann fè san matla san dra san anyen. Eske se yon enfimri oubyen yon dòtwa ? Nou te wè yon sal ak yon kantite liv ranyon mal ranje yo bay pote non bibliyotèk. Eske sa nou wè yo se vre ? Eske sa nou wè yo anpeche lekòl la bay rezilta ? Eske kritik nou yo fonde ? Antouka nou te swete se mal nou mal wè . men sanble sans nou yo pa twonpe nou . Anplis sa nou obsève nou tande. Yo toujou di de je kontre manti kaba. Nou menm nou di de je wè, de zòrèy tande, se laverite. Soti nan sa nou te obsève nap antre nan sa nou tande. Nan sa moun ki enplike nan pwoblèm nan di nou. Avrèdi, se pat koze sa yo nou te swete tande . Plis pase yon ventèn moun te pale avèk nou pami yo te gen pwofesè, paran, elèv ak kèk otorite nan vil aken an. Daprè yon pwofesè lekòl nan vil la, lekòl kay mè a se yon lekòl bòlèt li ye kounya. Li kontinye pou l di se pa sèlman elèv yo ki fè lekòl la bòlèt gen lòt moun tankou manm nan direksyon lekòl la, pwofesè ak moun kap jere kèk aktivite nan lekòl la. Pou pwofesè sa, pou yon moun bay fòk li genyen sa vle di pou yon moun fòme moun li menm tou li ta dwe fòme pou tèt pa li ; Epi pou yo respekte l li menm tou dwe respekte tèt li ak respekte lòt moun. Sinon ap toujou gen deriv ak konfli. Pwofesè nou t ap pale a bay anpil lòt bagay pou montre lekòl kay mè a se yon lekòl bòlèt li ye li pale sou pwofesè k ap fè kou ki oblije kite nan mitan ane a akoz movèz jesyon ak irespè direktris lekòl la. Nan menm lide sa yon paran di nou : « se yon Azizwèl kap dirije lekòl la kay mè a ». P ou montre nou lekòl la se yon lekòl bòlèt li ye, enfòmatè yo mete aksan sou lekòl la ki pa gen estrikti sifizan, ki pa gen disiplin. Pifò moun nou pale mete aksan sou movèz jesyon ak irespè direktris lekòl la, genyen ki di mè a maledve anpil li pale jan l vle ak moun, sitou ak pwofesè yo. Li pa gen respè pou pwofessè yo, konsa li lakòz anpil elèv pa respekte pwofesè yo. Men kèk pawòl moun nou rankontre yo di nou: « Mè a maledve lekòl kay mè a paka janm janl te ye a ankò. » ; « Mwen sispèk direktris la paka jere lekòl la poukont li. » ; « Mè a fasilite elèv kip a reyisi al nan klas siperyè. » ; « Mè a rele pwofesè vin pran kou oubyen plas lòt pwofesè pou senpman endisponibilite yon jou, li menm arive mete fen nan pwogram pwofesè anvan lè. » ; Yon sitwayen ki montre li vekse anpil di avèk kòlè : « se sèl nan aken yon lekòl mè nan nivo sa a ». Yon lòt tou fristre repete : « Lekòl kay mè a pa reponn ak sa l te ye lontan an, m pa konn si se paske mè ki la a jere tankou moun fou ». Yon pwofesè ki doute sou kapasite elèv yo lanse: « M pa kwè gen elèv k ap pase nan reto kay mè a ». Youn ki pi optimis deklare : « Gen kenz ki ka reyisi ». Eske sitiyasyon an kapab rete konsa? Repons ak kesyon sila ap ede nou jwenn kèk eleman repons pou dènye kesyon nou te poze nan kòmansman yo. Pa gen yon repons mirak, yon sèl repons, yon repons wi amèn pou pwoblèm sa a. Se yon pwoblèm konplèks ki mande pou nou abòde l ak tout konpleksite l ak pridans sa mande. Sepandan, depi yon pwoblèm gentan poze li gentan a mwatye rezoud tankou yo toujou di sa. Se pou sa nou di pwoblèm sa ka difisil pou rezoud men se pa enposib. Daprè sa nou di anwo yo nou kapab di pi gwo pwoblèm lekòl kay mè a se yon pwoblèm movèz jesyon ki soti nan direksyon an. Se yon pwoblèm enkapasite ak enjerans direksyon an. Se pwoblèm enjerans sa a ki soti nan enkapasite direktris la ki anjandre tout lòt pwoblèm k ap mete lekòl la an degraba a. Antouka, se sa enfòmasyon nou ranmase yo tradui. Nou pa gen remèd mirak pou maladi lekòl kay mè a, lekòl nan Aken, soufri a. Men nou ka pwopoze kèk solisyon posib pou solisyone kriz la. Dabò n ap di pwoblèm lekòl Aken konsène tout moun Aken. Kidonk tout moun Aken gen yon mo pou di nan sa k ap pase nan lekòl yo. Demach pou chache epi jwenn solisyon pou pwoblèm nan lekòl la kons1òl la enplike responsabilite tout sitwayen konsekan nan vil la. Se yon pwoblèm leta, ministè edikasyon patikilyèman. Erezman ministè a prezan nan vil la. L ap enpòtan pou gen presyon ki fèt sou leta a pou pran responsabilite l nan sa ki gen awè ak pratik fè lekòl la. Men sa nou pwopoze, menm si pwopozisyon sa yo gen tout limit yo, yo ka sèvi pwenndepa pou rive jwenn bonjan solisyon pou kriz la nan kay mè ak nan tout lòt lekòl ki frape yo : 𤚝 - Nou pwopoze pou paran, pwofesè ak otorite responsab nan vil la chita ansanm pou kòmanse reflechi epi chache solisyon ak pwoblèm sila a prese prese anvan antre pwochèn ane akademik lan ; - Pwofesè yo dwe òganize yo pou yo leve nivo ansèyman nan Aken, fè respekte metye fè lekòl la epi anpeche direksyon yo fè sa yo vle ak lekòl yo pandan y ap mete bonjan estrikti pou lekòl fèt ; - Nou pwopoze pou otorite nan vil la yo pran responsabilite yo fas ak deriv k ap pase nan edikasyon nan Aken. Yo dwe chache konnen ki pwoblèm k ap travèse lekòl yo epi patisipe nan demach pou jwenn solisyon ak yo. Yo dwe voye je sou fason moun k ap fè lekòl yo ap dirije lekòl yo ; - Paran yo gen devwa pou yo mete tèt yo ansanm, monte sendika paran, pou founi je gade epi kontwole politik dirijan lekòl yo ap mennen. Yo dwe asire yo lekòl yo bay bonjan edikasyon epi pran moun ki kalifye ak moun ki gen konpetans pou fè lekòl. Yo gen pou devwa pou chita ansanm pou jwenn fason pou yo mete lòd ak disiplin nan timoun yo ; - Direksyon yo pral gen pou chita pale ak tout moun ki enplike nan pwosesis la. Yo pa dwe sèlman vize fè lajan, mete avni pitit vil la nan dlo epi ran fanmi yo pi pòv chak jou pi plis; - Radyo QUINA ap gen pou ouvri mikwo l pou koze edikasyon pale. Yo dwe mete emisyon sosyo-edikatif, fè sansibilizasyon pou moun pran edikasyon oserye epi fè deba sou konsekans konsomasyon dwòg ak alkòl ; - Finalman, pou ka presan an ki se ka lekòl kay mè a, nou pwopoze pou moun Aken chita rapid rapid pandan vakans lan pou pou yon debat sou kriz k ap traveèse lekòl sila. Pou yo konnen èske direktris ki la a dwe kite bay yon lòt mè ki kapab vin fè refòm nan lekòl la. BOSSE Biltonn Ak CHARLOTIN Pierre-Richard Aken 09 jen 2013
Posted on: Wed, 19 Jun 2013 18:11:35 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015