Bonswa Tout Mounn ! Mwen Regrèt Konpotman Zanmim Sagar kidi ke li - TopicsExpress



          

Bonswa Tout Mounn ! Mwen Regrèt Konpotman Zanmim Sagar kidi ke li pasem te gen Ideayal Desalinyen li desi demwen. Zanmim fok ou toleran mwen pa oblije ni panse menm jan avèw ni kont analyz wap fè sou sitiyasyon Politik Peyi a. Mwen ta renmen konnen Poukisa ou di ke mwen pa gen ideyal Desalinyen an? Eske pou yon mounn gen ideayal Desalinyen an li oblije fè tout sa ou panse nan tèt eske li oblije nan opozisyon san rezon. Se dwaw ou gen dwa chwazi pouw fè Politik tab raz ke mwen pap janm asepte paske li pap bon pou peyi a. Mwen diw sa deja Menm Adolphe Hitler te fè trèv nan 2 èm gè Mondyal la. Poukisa nou paka rekonèt se fot nou kifè Peyi konsa paske Papa Desalin pat kitel Konsa. Si nou Voye Matelly ale eske se meyè fason an pou kriz la ta rezoud. Nou wè sak te pase deja nan voye Aristide ale gwoup 84 fè nou fè règ tintin nou epi yo fè kont kob yo epi Bagay pa chanje yo vinn pi mal. Mwen pou yon solisyon konsète pou kriz yo rezoud.Ni mwen pa tèt kale non pli e ni mwen pa Aya . Mwen pa di pa gen deriv,mwen janm di Gouvènman pa fè anpil erè men zanmim eskew ka dim ki gouvènman ki pa fè erè. Mon chè janw panse a li pa bon e li pap janm bon. Tout mounn gen fason pa yo pou yo fè analyz yo san ke ou pa oblije akizel ni dil ke li pagen ideyal desalinyen.Fok nou fè men jan ak tout Peyi kap fè efo nan mond lan Fok nou respekte manda tout mounn ki eli nou fè 25 lane nap dechouke epi se sak pi mal yo kap peye sa. Depi plis 40 tan se elèv ki pase an jiyè ki toujou jwenn chans yo pou yo enskri nan Inivèsite leta. Viv Inite nan mitan tout Ayisyen, viv bon jan Eleksyon,Viv Desalin vil. Aba Divizyon . Adler Dumergent 4ème Seksyon Pospyero Dessalines Ville.
Posted on: Wed, 25 Sep 2013 18:16:34 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015