Daho-Vodou : Nanm peyi Ayiti se Vodou-a. Fòs peyi Ayiti se - TopicsExpress



          

Daho-Vodou : Nanm peyi Ayiti se Vodou-a. Fòs peyi Ayiti se Vodou-a. Resous – richès – lesperans sous lavi elevasyon peyi Ayiti se Vodou-a. Tout jan nou vire Ayiti nan kalite rèv li, andan reyalite prezan li ki reprezante nan tout referans siyati li : se Vodou. Feblès peyi Ayiti k ap rantre l nan lamizè – nan la mandisite – nan la wont nasyonal se konpòtman kolonize yo ki poko janm rive sezi konprann ke yo se kolonize. Lè natirèl pèdi natirèl li – li difisil pou li rive konnen ki yès li ye. Kolonize vle di : Idolat – se konvèti konvèsyon ki pèdi vrè sans lavi yo nan relijyon etranje kolonyal anvayisè. Kolonize-a se yon kilti kiltive kifè yon moun tounen anti li menm nan renmen tout sa ki etranje – nan rayi tèt pa l ak tout sa ki sanble avek li. Li se yon moun ki tounen yon rayisman pou Zansèt li – yon rayisman pou tout mò bò kote papa l ak manman l ki antere nan simityè memwal. Kolonize-a se yon moun ki refize respekte zansèt li – paske amou devosyon li se pliye jenou devan lotèl relijyon etranje. Se sitou yon tip de moun ki regrèt Bondye te fè yo – ba yo nesans andan pèp ras ke yo pran nesans lan. Yo regrèt yo te sou latè. Se paske yo kapon anpil kifè yo pa rive joure Bondye nan mete Bondye nan wòl li deske li fè yo mal ne nan move ras – kolonize-a se kabrit ki ta renmen l mouton. Erezman – malerezman pysè moun sou latè pa ka depose chay lavi yo – chay prezans yo nan egzistans lan. Sa w ye-a – ke w renmen l – ke w pa renmen l – se zafè pa w – Menm Bondye pa ka pote w sekou – sèl delivrans se lanmò – se nan sans sa-a nou ka di : Lanmò se yon delivrans – lanmò se yon benediksyon – paske – an verite – lanmò se sèl delivrans pou etadam kolonize-a ki rayi nesans li – ki rayi tèt li. Pov diable pou kolonize-a – touman li se chay pa li – ki chita nan rayi natiralite li. Eben ke li soufri – merite se merite. Tout jan lavi-a vini – merite se merite. Nou menm ki tradisyonalis an nou pote chay reskonsablite nasyonalis nou antan ke Mèt peyi – antan ke mèt relijyon nou – antan ke mè lavi nou ak met lanmò nou. Nou se mèt letènite nou – paske pa gen pyès dogm filozofi relijyon etranje ki ka ebranle lafwa nou – ni mennen kote ki pa konsè nou – nan tout alevouzan paradi lanfè ki ponn nan nich imajinasyon zòt. Andan Vodou-a se ki bèl la – sa ki pi bèl la – Pyès relijyon etranje pa ka banou lòd – yo ka bay kolonize domestik yo lòd – pa nou menm Vodou. Se wè ya wè nou ap pase – yo deja rayi nou – yo deja fè anpil vyolans lanmò sou nou – Yo toujou ap lonje dwèt sou nou paske se nou ki gadyen peyi-a ki anpeche limite dega yo la pou yo fè. Men yo mèt sote ponpe – yo pa ka ban ou lòd ki sòti nan Palè etranje. Nou djanm – Nou fout djanm pou lavi – pou letènite. Men Nou – Men nou – Men nou. Nou se Lafrik Ginen – se nan Ife nou sòti – se nan Ife nou pwale – Ke chak zwazo vole avek zèl pa l. Zwato pa janm pote zèl pou lòt – se Vre. Mande kolonize-a l ap di w se fo. Paske kolonize-a toujou panse alanvè – se konsa – se pou sa yo donte l domestike l – pou l toujou di aji nan sa ki pa bon pou enterè pa l. Tout moun mèt sote ponpe – Ayiti se peyi Vodou – nan menm reyalite sa tou – Ayiti pote nan li yon gwo pwroblèm ke li gen obligasyon pou li rezoud pou li ka avanse nan ekleraj limyè lesprerans li. Ki pwoblèm : se pwoblèm kolonize ke kolonizatè ap metrize nan mete yo chak jou anba kòd avègleman ak iyorans. Mo vokabilè kolonize sa-a – gen anpil moun ki pran l pou yon Mo ki depase – kòmsi nan tan modèn sa-a pa gen kolonize ankò. Nou tronpe nou anpil – se konnye la Ayiti ap rantre nan faz kolonizasyon an. De lesklavaj a lagè lendepandans nou fòje libète ak tout lendepans nou. Ki vle di nou pat janm sibi kolonizasyon. Se jounen jodi-a akoz feblès mantal yon bann pami nou k ap plonje tèt bese nan relijyon etranje – yo tou rantre nan bwè dlo anpwazone kolonizasyon k ap pote tout fòm - -tout sòt maladi mantal ak tout konsekans andan reyalite lavi peyi-a. Sa vle di : Nou nan yon sitiyasyon trè grav – lè kolon anvayizè ap ba yo diktè lavi san fòmasyon enteryè entelijant nan kilitive etadam yo nan mepri yo menm. Poutan iyorans ak entelijans donnen nan menm jaden sa depan nan kouman nou aroze l – kouman nou sekle l. Antouka kolonize yo mete peyi nan ka – sa vle di Nou-menm Vodou – nou dwe redouble sans reskonsablite – pou nou ka rive – malgre tèt yo di – mennen yo ak tout nou menm nan vrè Chimen – ki se Chimen ansestral la – ki se Chimen nasyonalis la – ki se Chimen Vodou Etènèl la. Bagay enpòtan sa yo, ke n ap pale la yo – kolonize-a pa rann ni kont de eta l – li pa janm rive sezi konprann ke li se yon touman mal viv pou li menm nan vann livre arabè Nanm etadam peyi l ak rèv sakre l, opwofi de yon mèt ki wè l senpleman kòm yon mayonèt – yon outiy de jesyon nan rabase l devan richès entelijans ke Bondye ba li yo. Epi tou : gen de maladi ki rantre nan w – tan ke w pa fè yon radyografi w p ap janm ka imajine ki eta lamantab ke sante w ye. Nan tout fason sa yo – sa ki fè sans nan lavi kolonize-a se obeyisans li devan mèt ke l. Menm lè li parèt awogan frekan se toujou nan limit ke mèt ke li bali. Nou gen dwa konstate – pa gen anyen ke li ka di ni ekri san se pa resite ke li resite nan referans limit ke y oba li. Menm sèmon li ak lapriyè li se nan limit ke yo bali – imajinè l – imajinasyon ak tout entelijans ke Bondye bali pa rive sèvi li a oken itilite. Paske kolonize vle di : Domestik – anplis domestik pa renmen w di l domestik – Menm jan vòlè pa renmen w dil vòlè. Pou fini : Konstate – Tanke konvèti yo pa lonmen non nou – non Vodou-a nan lonje dwèt sou nou – pyès priyè yo pa gen sans. Se nou ki sans vivasite elan lafwa yo – yo pa fouti viv san nou – paske nou se yo menm – paske yo se nou menm. Tout lè y ap joure Vodou-a li enpòtan pou yo pou yo lonmen Vodou-a – se yon fason klandesten yo bay tèt yo pou yo viv Vodou-a san ke mèt ke yo pa konprann ak pa fache. Di ke yo entelijan – Di Vodou sa-a twòp pou yo – se yon chay y ap pote – yo oblije pote antan ke pitit Lafrik Ginen. Anplis veye – konstate tanbou Petro ak Makaya se sou ritm sa-a yo ke yo anime danse asanble yo. An nou gade – an nou tann na tande rèl anba bagèt k ap fè yo wonmble. Pa bliye – pa janm bliye – tout sa nou vle – nan jan nou vle l la toujou pote chay reskonsablite ak chay sakrifis ak tout chay soufrans li. An nou reflechi ansanm. Ayibobo!
Posted on: Fri, 12 Jul 2013 02:08:04 +0000

Trending Topics



href="http://www.topicsexpress.com/I-Feel-The-Emptiness-In-My-Heart-The-Hurt-Is-So-Painful-I-Love-topic-383394668432098">I Feel The Emptiness In My Heart, The Hurt Is So Painful, I Love
GLORY NOT IN THE CROWD, YOU POLITICAL PARTIES:: Yes, for long
Every Muslim is a descendant from a non Muslim so show respect to

Recently Viewed Topics




© 2015