Flash!!! Dènye nouvèl yo MATELLY PRAL SASINEN PLIZYÈ - TopicsExpress



          

Flash!!! Dènye nouvèl yo MATELLY PRAL SASINEN PLIZYÈ SENATÈ? Nan yon konferans pou laprès li bay jodi a, senatè Lwès la, John Joel Joseph, afime prezidan Michael Joseph Martelly gen yon plan, pou li sasinen divès senatè, pami yo :(senatè Deras, senatè Moĩse, senatè Francky ansanm ak senatè John limenm). Daprè senatè Joel, prezidan Martelly ansanm ak madanm li ap fè presyon sou chèf polis la, Godson Aurélus, pou msye retire tout sekirite senatè sila yo. Men, direktè polis la ap fè wondonmon, li pa vle egzekite lòd la. Nan menm konferans sa a, senatè Lwès la fè konnen prezidan Martelly te mande ansyen chèf polis la, Mario Andressol, pou li te bay kèk bandi inifòm polis la, dat sa a, bandi ak inifòm polisye yo t ap pran pòz verifye machin senatè yo e sasinen yo. Malerèzman, Mario Andressol pa t dakò krim sila yo. Pou li fini, senatè John Joel Joseph deklare, se yon ameriken k ap dirije nou, fòk pèp la mobilize, pou nou chase Martelly k ap kraze peyi a. Palmantè a te ajoute pou li konkli nèt, prezidan Martelly vle dirije peyi a ak dekrè nan mwad janvye 2014 la. Daprè senatè a, dekrè maryaj masisi yo ak dekrè pou likide tout richès peyi a bay entènasyonal la deja prepare. Yon dosye n ap suiv! Sous : Radio Kiskeya
Posted on: Wed, 04 Sep 2013 21:10:51 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015