Haiti Leve, Haiti Avanse!!!! Emisyon samedi-a 24 Aout 2013 la - TopicsExpress



          

Haiti Leve, Haiti Avanse!!!! Emisyon samedi-a 24 Aout 2013 la pwal santre sou situation general dwa de lom nan peyi dayiti kote ke rejim Prezidan Joseph Michel Martelly avek premye minis Laurent Lamothe lan ap soti grif li deyo, piti piti e pired pou viole preske tout libete ke konstitisyon-an garanti pep la. Genyen o mwen 2 prizonye politik ak konsyans nan peyi-an. Pou nou konprann sa kap pase anba-a nan sou dosye dwa zumen-an Jean-Jahkob Jeudy Radiocaciquedhaiti ap chita koze a Lelene Marie Yolene Gilles ansyen jounalis RadiocaciquedHaiti Live ak chaine television PVS, e militan dwa zumen ki se younn nan dirijan Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH), you rezo dwazumen bien konnu a travers le mond. Pandan atak personel e gouvenmantal ap ogmante sou jounalis ak media konsekan yo ki pa vann konsyans yo ak diyite nan moman, journalist Haitien Carlot Sainristil ki se ansyen direkte sal nouvel Radio Caraibes FM, fondate emisyon Ranmase, ki kounyea prezantate nouvel nan you radio ozetazuni ap fe refleksyon sou sa jounalism lan tounen nan peyi dayiti kote anpil neg pedi diyite yo avek deyontoloji profesyon-an pou yo ka sevi you gouvenman ki konropi. Samedi 24 Aout 2013, soti midi (12PM) pou rive 1PM, rete koute sou: Sou radiocaciquedhaiti.net ou radiocaciquedhaiti, or koute nan telephone via audionow #213-992-4384...... Pou bi bon son toujou koute nou sou TuneIn laa: tunein/radio/Radio-Cacique-dHaiti-s169189/
Posted on: Sat, 24 Aug 2013 03:09:30 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015