Haiti news: ANBISYON KOUZEN RUMAI LA FE PALITO DE COCO PEDI YON - TopicsExpress



          

Haiti news: ANBISYON KOUZEN RUMAI LA FE PALITO DE COCO PEDI YON OPOTINITE OLIVIER PENA & RUMAI « Depi lè mizik jenn atis Ayisyen sa koumanse fè ravaj sou tout rezo sosyal yo, anpil konpatriyὸt li te koumanse ap plenyen fè kὸmantè ke dominiken sa ap twonpe li. Yon bwi kouri ki moute tèt kèk fanmi Rumai ki te rete Gonaives sanble ki te rete Sen Domeng deja, kouri debake retounen vi-n ap dedfann li. Samdi 16 Novanm 1:30 pm, Hey Magazine kontakte an dirèk Oliver Peña ki se ex Manager Rumai, ki rete La Vega. Pwodiktè a te prè pou l bay yon Interview pou tout Ayisyen ka konprann, ke li te satisfè tou pou koneksyon sa, paske li pa vὸlè jan Ayisyen yo ap di sa. Peña deklare :¨ Mwen toujou genyen Ayisyen ki konn travay pou mwen, yo konnen m byen, mwen pa mele nan moun ki konn ap maltrete Ayisyen yo ni, fè prejije kont yo. Non plis, Mwen sèlman touche yon lajan nan men Major World, nan pὸch mwen, sèlman US $ 1,300.00 dola ki rantre pou piblisite sa. Mwen abandone fanmi mwen ak aktivite nὸmal mwen pou pwojè sa. Mwen entegre Rumai nan fanmi mwen ak zanmitay mwen. Mwen chanje kondisyon l, anpil moun te ka koumanse wè chanjman sa. Premye kontra kὸb nou ta pral genyen se yon fèt li ta pral jwe Dimanch 17 la nan Higuey, kote l ta pral fè nenpὸt RD$ 75,000 pesos pou li sèlman, kidonk, mwen oblije bay vag, paske Rumai pa vle ale nan repetisyon epi y´ap mache di ke mwen se vὸlè.Mwen pa gen anyen kont Rumai, men sa fè lapenn paske li te vi n koumanse ap fè rebèl depi lè kouzen an debake a ap moute tèt li, fè kwè ke y´ap twonpe l. Mwen resevwa anpil repwὸch nan men moun ki mande m poukisa mwen pat fè sa pito pou yon dominiken parèy mwen. Mwen te konprann ken nan lavi chak moun gen dwa ak yon opὸtinite, mwen pat ba yo enpὸtans ak tout sa yo t´ap di.¨ Palito ak Kouzen l: Palito pa pale Espagnol epi tèt kouzen an pran van, li koumanse ap gouvène Palito kont Manager li Oliver, fè kwè ke gwo lajan te tonbe nan Stade Cibao epi nan Kanal televizyon Digital 15 lè li te ale a, ap moute Cadilac fè gwo Show. kouzen Rumai ak atis nan yon estasyon Tele R.D Lendi 11 Novanm nan se te yon motif ki te fè Oliver te mennen Rumai devan diplomat Ayisyen yo nan Santiago pou revize kontra, ke moun ap kὸmante fè kwè ke l´ap twonpe atis la. Jedi 14 Novanm Palito deklare nan yon kanal TV ke l genyen 8 jou depi l ke l pa pale ak Oliver, ke l´ap pase anpil grangou, sa vle di ke Palito bay manti. Oliver menm bay garanti pou nenpὸt moun ki gen dout, al kontakte Konsila Ayisyen an nan Santiago sou tout sa l deklare la yo. Direktè ekip Beseball Las Aguilas demanti, rimè ke l te bay lajan lè Rumai te al jwe nan Stade la. Telemicro demanti rimè ke yo te bay lajan pou Palito, yo deklare ke yo te sipὸte zanmi yo Oliver pou kontinye fè pwomosyon pou atis la sèlman men pat gen lajan lada n l. Palito te konn ap vann dous, jou li fè bon lavant se RD$ 300 pesos li te konn fè pou jounen an. Depi lè li koumanse ap fè Hit sou tout rezo sosyal yo, Oliver ki se pwodiktè ki te moute Video l sou Youtube la, retounen al chache l, li chanje l kay, fè paspὸ pou li ak tout fanmi l paske yo te san dokiman, achte rad pou li, mennen l nan tout pwogram televizyon, ba l nouvo zanmi, fè nouvo video pou li, mennen l nan studio recording ba l nouvo Look epi retire l konplètman nan vann dous. Konnya li deside mache di ke Oliver pa ba li okenn lajan. Bagay sa fè anpil rasis pwofite ap voye moute kont Ayisyen, pou di yo se engra vre. Antouka se pa tout chans yon moun jwenn pou ou kite nenpὸt moun rantre ladan l, lè sa pat bon, kote kouzen sa te ye ? Kounya kouzen an deklare ke li se nouvo Manager Palito san 5 kob nan poch li, Epoutan men li menm di sou televizyon ke l´ap pase grangou tou. Paske Oliver abandone yo. »
Posted on: Mon, 18 Nov 2013 11:50:30 +0000

Trending Topics




© 2015