Jakmel bezwen anpil bagay, men an urgens nou bezwen on lopital. - TopicsExpress



          

Jakmel bezwen anpil bagay, men an urgens nou bezwen on lopital. Yon aksidan fet a 3zè, li 10zè40 twa jenn demwazel ap tann nan lakou lopital sen michel pou yo transfere yo potoprens.... Sa grav.... plis pase 7èd tan nan soufrans... Nou gen deux senatè, depite, nou gen conseye prezidansyel, nou gen prezidan ki sot nan menm sides la... Sa mande anpil refleksyon. Frem, kouzen m, zanmi mwen pa oblije mouri paske pa gen gaz nan anbilans, paske pa gen oksigèn.... Nou pa vle sa ankor... chak commune, chak depatman gen besoin pa li.... nou menm nan jakmel la, nan sud est la nou vle on lopital, se pa on sant de santé, men on lopital tout bon.... Se ou k pral determine tres prochainement nan vote ou, kiyes ou vle realiser souhait ou ou pas, kiyes ou vle rezoud pwoblem ou vre.... reflexion.
Posted on: Sat, 07 Sep 2013 14:47:04 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015