Konnyè la se 2 kan kap fè aktyalite nan peyi Dayiti. Milat kont - TopicsExpress



          

Konnyè la se 2 kan kap fè aktyalite nan peyi Dayiti. Milat kont nwa lib o profi konlon blan sou do mas pèp la. Depi lontan se te toujou konsa sa te ye. Men jounen Jodi a anpil moun konprann sa kap fèt yo . Mw menm kòm yon peyi nèg mòn gro soulye mw gen konprann poum di, moun ki vle tande yo batay sa yo pa pou vre . Paske chak lè nèg gro zouzoun sa yo bezoen regle zafè richès ak glwa yo se non pèp yo mete devan. Sel Sam rete kwè tout moun ki patisipe nan yon fòm oubyen yon lòt pou fè Ayisyen mal . Menm lè yo mouri yo gen pou yo leve parèt e konparèt pou yo reponn pou sak malonèt yap fè sou do peyi sa ak tout mas pèp la ki gen yon sel rekou se Bondye Kreatè.
Posted on: Mon, 28 Oct 2013 21:41:28 +0000

Recently Viewed Topics




© 2015