Kèk koze Li enpòtan anpil pou m ekri .Paske aktivite sa a ap - TopicsExpress



          

Kèk koze Li enpòtan anpil pou m ekri .Paske aktivite sa a ap pèmèt moun konnen sa m panse ak sa m vle fè pèp ayisyen an konnen nan sa brenn mwen ponn chak jou .Yon lòt bagay ankò gen tout kalte sije yon moun ka trete lè w branche sou reyalite ayisyèn nan. Ou ka pale sou lavi chè, sou malsite, sou politik, sou kijan chèf yo ap mennen bak peyi a, elatriye.Si yon moun ap evolye nan domèn literati, l ap nan bòl grès li paske reyalite a vrèman ekstwòdinè.Mwen menm m ap toujou seye ponn yon teks sou sa k ap pase nan peyi a. Sa te fè m sezi anpil tande tout moun ap voye pawòl pimanbouk sou manifestan yo ki te deside monte Petyonvil jounen kite 7 novanm lan.Pawòl yo sanble pi boule pase kout wòch patizan tèt kale yo t ap lanse sou yo. Se sou sitiyasyon sa a m vle di kèk koze. Dabò ,tout moun kòmanse konprann detèminasyon pèp la nan mande pou chanjman y ap pale chak jou a rive ateri.Pèp la montre aklè yo konnen ki moun ki kache dèyè mizè yo. Kidonk yo komanse fè bri nan tèt yo.Lè sa a boujwa restavèk yo ki kenbe pèp la nan mizè a ap resi tande sonnen nan zorèy yo vwa pèp la tankou yon lyon ki preske rantre pran yo kote yo kache a. Answit,si pèp la rive wè konnen ki moun ki responsab mizè l, li gen dwa pou l fè moun nan tande vwa l byen fò epi montre l ki bwa li boule. Anplis ,Petyonvil se yon zòn nan peyi a.Pèsonn pa gen dwa di yon gwoup moun pa ka pase ladan l.Di Petyonvil se fyèf Mesye Martelly pa vle di li te achte Petyonvil ak lajan Poch li kom ki dire se Pwopriyete prive l.Tout ayisyen gen menm dwa sou byens ak sevis leta ap bay nan peyi a.Si gen yon moun ki ka di yon lot bagay m pwè poum tande l osnon li sa l ekri. Boutofen, m ap di ak tout patizan rejim kale tèt yo yon bagay ki enpotan anpil pou yo.M ap raple yo lè yon ti gwoup kenbe yon majorité nan mizè , epi y ap souse tout mwèl nan zo ,bwè san nan venn yo se kondisyon gwoup sa ap kreye pou sistèm ki tabli a ka chavire.Revolisyon an pa lwenn.Pèp la gen pou l leve ,lè sa a l ap kraze grenn tout malfwa depi 1804 k ap kraze zo malere ak malerèz nan peyi Dayiti. J.S Illia Kourakine
Posted on: Sat, 09 Nov 2013 19:00:35 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015