Leo Fils Geurrier Si Jean Leopold Dominique te la li ta pale - TopicsExpress



          

Leo Fils Geurrier Si Jean Leopold Dominique te la li ta pale Jodi a li ta fe yon bel editorial ki tap mete Dessalines ak petion chita sou menm tab anba yon drapo ble e rouj. Si Mireille Durocher Bertin te la li tap pale, si Maxime Dezelmour te la Jodi a tout etudiant FASH ak UEH tap chita ansanm pou poze problem anti chimerizasyon ak anti rasis kite kase pye rekte Pakyo. nou pa bliye Erick Pierre fakilte medsin ki tombe, nou salye memwa pitit viola Robert yo nan kafou. Nou sonje Jounalis Brignol Lindor asasen te rache ak pikwa epi kout manchet. nou pap janm bliye emeteur radio yo ki te sabote pou te kraze lapress nan peyi dAyiti ki tap pale verite ak denonse sak san zave. nou sonje Rigaud Delis jounalis radio karayib ofisyel te touye , nou pap bliye male pandye ki te sou tet lapres ak etidyan nan peyi dAyiti. konbyen moun tet koupe nan lari, yo rache Coeur yo, yo kidnape, yo asasinen, yo pile nan pilon timoun piti. si Jean Do te la li tap pale depi soley leve jouk lannwit pwente. nou pap bliye 7 tours aba satan nan faculte des sciences ki te mete do lougarou ate poun te libere anba chimere. nou paka bliye jou lanteman Maxime Dezelmour nan Fakilte sciences Humaines. nou pa ka bliye jou Jean Dominique te tonbe anba bal kriminel lach sa yo. nou sonje Pere Ti Jean, Jean Mary Vincent ki te kwe nan changement. komsi mtande vwa Jean Dominique kap pale sou radio Haiti Inter tankou lem te tou piti. konbyen asasen ki asasinen Haiti ki pa janm jije? konbyen sansi ak vanpi ki bwe san pep la ki pa janm jije. Mwen sonje sa 2004 te kite kom rekonpans pou Haiti. mwen sonje ESPAS KONSETASYON ak group 184 la ki te ap goumen kont diktati feros bo kote GNB ak yon paket gwo atis, akte, dokte, ingenieur, avoka, indistriyel, moun tout sekte pou te ranvese system sansal la , MICKY te la tou.... Jodi a mwen vle konnen kote nou kanpe... eske se nan kan Haiti oubyen si se nan kan moun kap fini ak peyi a nan kontinye kraze brize jan sa te ye pandan 30 lanne pase yo? Vwa Jean Do pale, vwa victim yo toujou ap rele mande jistis men kriminel yo la. yap fe e defe. epi moun sa yo vle mete dife nan mitan nasyon an komsi Dessalines ak Petion se te kok gage pou yo fe moun goumen pou yo ka bwe san...... Mesi OPL paske w gen kran pou denonse konplo sal ki pou divize nasyon an nan defann pwop entere l kont pwodwi pwazon Dominiken, ak kontebann sou fwontye kap fe nou pi pov chak jou. Nou vle yon pak sosyal abon jan dialog nasyonal, nou vle yon pak gouvenabilite pou nou konnen nan yon syek anko kijan peyi a dwe dirije epi kote nou soti kote nou dwe rive poun sispann lonje bol nou bay letranje . pou nou ak pitit nou viv nan diyite tankou jan Dessalines Petion ak tout lot zanset yo te vle sa..... pesonn pap janm bliye kokenn chenn male ak tribilasyon oprerasyon bagdad la te pote. nou sonje koman lekol te paralyze, yo tap antre kidnape timoun lekol papa ak manman pitik te dlo nan je. Operasyon kout rigwaz nan bisantne ak voye pipi sou moun, bay moun piki sering nan manifestasyon. dechoukak ak volo zafe moun kraze byen piye magazin moun sa yo te led anpil poun kore moun sa yo jounen Jodi a. la presse ak pep la pa bliye koman potoprens te fe nwa kou lank jan gen moun ki te promet sa a. vwa Jean Do pale toujou. li di les Assassins sont dans la ville. nou paka bliye Jacques Roche ak tout lot moun ki tonbe epi regime san gine a te manje pwop pitit li. Felix Bien Aime nan matissant, Ronald Cadavre mouri nan prison, Armiot Meteyer nan Gonaives ak yon latriye militant pwoch yo yo touye pou te mete konfizyon nan mitan pep la.... kiles ki sonje listwa sa yo? nou pa dwe gen memwa kout. Moun lasiri nan sen Mak yo ti te mouri anba raje chen tap manje... yon rigol san koule yon paket vi ale yon pil ak paket sevo tonbe pou koz chanjman tout moun ladan lan te ka rive fet tout bon vre men gen anpil konze ak zefeyis sousou kwaze wout nou Tout moun tap defann koz Etat de droit le premye janvier solda ki te soti lafrik te vin maspinnen Haitien ki tap manifeste kont regim san gine sa a. oganizasyon fanm yo te mobilize, Etidyan yo te la chak jou, diaspora a te nan batay la red mare, tout sekte tout kouch sosyal te marye pou fe lit pran jaret... Jodi a nou pap vann nanm nou pou 50 million dola pou nou kraze peyi cheri nou an nou vle kontinye avanse ak moun ki vle travay, kap travay et ki we peyi dwe kontwi ansanm san divizyon fo pwoblem neg anwo neg anba, grimo new ni tet grenn chive siwo jan yo vle divize nou an Pitit Dessalines ak Pitit Petion pou yo ka fe lajan sou do nou... nou pap janm bliye moman sa yo......
Posted on: Wed, 20 Nov 2013 14:05:54 +0000

Trending Topics



"margin-left:0px; min-height:30px;"> The Best Facebook Method Tell You How to Grow Your Facebook
Life is precious and it is fleeting... The day is coming when it
Dont know if this has been posted but man this got me good

Recently Viewed Topics




© 2015