M gen de twa lide kem ta vle pataje ak nou si nou vle. Men se pa - TopicsExpress



          

M gen de twa lide kem ta vle pataje ak nou si nou vle. Men se pa mwen sèlman ki gen lide, se aksyon pou nou poze. Mwen prè poum mete 1000 goud nan nenpòt ki pwojè pwodiksyon ze ak vyann poul. M di 1000 goud paske m ka reziyem pèdi mil goud, anpil moun mwen konnen ka fèl tou. Men tou fòk nou degaje nou kreye yon "bourse" an Ayiti kote moun ka met kòb yo nan biznis ak garanti ke yap touche nan benefis la epi si gen litij la jistis ka pwoteje yo. Men frèm si se pou obstak gen obstak pou fè biznis ayiti, men pandan ke gen moun fou ki ka reziye yo fè Digicel ou byen Oasis fòk gen de twa tèt pa dwat ki ka reziye yo met lajan yo nan poulaye nan ti biznis pandan ke sosyete a ap fè presyon pou letaa ka fè règ jwèt la respekte pou tout moun. Fòk sosyete a konprann sak letaa ann sispann ipokrit. Kijanw vle pou timachann ap plenyen leta pa fè anyen pou li pandan ke li pa gen yon pwodwi ayisyen nan bak li a! Kijanw vle pou nap fè elòj sektè enfòmèl kòm motè ekonomi an olye nou fòmalizel pou nou fè ekonomi an mache tout bon? Kijanw vle pou gen biznis ki pa gen adrès, li pa peye ni lwaye ni kouran, epi lap fè konkirans ak lòt biznis ki ap fè sektè imobilye mache paske yap peye lwaye, kap fè sektè enèji a mache paske yap peye kouran etc. epi leta pa pwoteje yo. Fòk ipokrizi saa fini. Yon machann chenjanbe se konkiran dirèk nenpòt ki restoran, poutan yo pa gen menm depans. Letaa dwe degajel defini règ yo egzanp si pou fè yon restoran fòk ou gen yon lokal fòk ou gen dlo fòk ou gen frijidè ... epi chak mwa nap pase kontwolew ... Bagay yo paka savann. Leta ap depanse lajan nan fè spòt lari pou machin, twotwa pou pyeton mache pou machann. Saa se ipokrizi pwoblèm nan gen solisyon. 3 - 4 machann ka met ansanm pou yo fè yon restoran olye yo okipe 3-4 kafou. leta ka deside pa touche taks pandan yon tan men konsa li gen garanti ke lajan restoran an pral fè lòt sektè ekonomi an mache. Lòt egzanp kijanw ta vle pou nenpòt kimoun nenpòt kilè deside lap fè taksi oubyen kamyonèt. Se pou leta vann otorizasyon pou fè yon sikwi menm jan yo vann frekans radyo. Fè pwopriyetè machin yo gwoupe yon an antrepriz transpò ki ap patisipe nan apèldòf pou bay sèvis nan yon sikwi ke letaa ap defini. Konsa kamyonèt kap fè petyonvil pap bezwen batay antre yo kanpe mal nan lari a fè vye blokis paske tout ap pou menm konpayi an donk kòb total pasaje yo tap toujou menm nan. Sa tap pèmèt nou gen sikwi ki kouvri tout vil la olye nou gen sikwi an liy dwat sa yo ki pa bay zòn ki pa sou wout prensipal yo chans pou yo devlope. Konpayi saa (oubyen konpayi sa yo) tap pèmèt sekretè jwenn djob, kontab jwenn djòb, avoka jwenn djòb, enfòmatisyen jwen djòb, sa tap pèmèt lajan transpò a benefisye anpil sektè nan ekonomi an. Leta tap ka touche taks li, konpayi an tap ka deside vann abònman tranpò, bay diferan tarif pou elèv lekòl pou granmoun etc... Menm konpayi saa tap ka planifye bay sèvis nan nwit... Li tap ka planifye poul achte pi bon machin poul bay pi bon sèvis. Kòm konpayi li patap ka bay ranje machin li nan lari a. Met bis sèvis plis nan lari a vin fè men dezòd yo se ipokrizi. Anpil moun vwayaje yo wè kijan sa fèt lòt kote, sispann pran moun pou makak. Lè saa leta tap ka kontwole sektè a, machin pwovens pa tap pote moun tankou poul, yo pa tap blije nan fè eksè vitès pou yo fè plizyè vwayaj, anfen. Sam vle di se pou chak moun pran resposabilte yo nan sosyete a. Paske gen yon machin prive pa vle di ke sistèm transpò an komen an pa enteresew. Paske si gen bon transpò plis moun pral nan plaj Okay ak Pòsali, sektè touris la ap benefisye. Bis yo ap ka deplase chak 10 -15 min olye 10 bis fè 2h tan ap chaje ansanm. Depi nou deside met lòd nou kapab. M ta ka di anpil bagay toujou, men sèl sam vle fè remake sèke pagen anyen m di laa ki mande pou leta depanse lajan. Se lòd poul mete nan sektè prive a, paske ti machann nan se yon manm nan sekte prive a li ye men jan ak chofè taksi menm jan ak Radio Metropole. Se volonte letaa ak konpreansyon pèp la (sosyete a) ki ap fè chanjman. mespere sam di yo konpreansib.
Posted on: Sun, 23 Jun 2013 22:28:48 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015