M konn sam pral di a ka fwase anpil elev, men m santi nesesite pou - TopicsExpress



          

M konn sam pral di a ka fwase anpil elev, men m santi nesesite pou m felisite Minis MENFP a ki komanse fe bon jan travay nan edikasyon lakay, mwen konnen li di pou elev ki chita ki pa ka al konpoze yo, ki pa jwenn fich yo, men depi m fet m potko janm tande yon lwa ki te mansyone ke malgre yon elev pa pase yn klas, li ka al fe klas siperye, ni janmen tande moun fe 2 klas lekol nan yn sel lane. Gwo kout chapo pou minis lan, ki komanse ede peyi a fe yon ti ralanti sou wout peri li tap kouri depi kek ane ak tout boulin nan. Men map plis kontan le vwa m a pase rive nan zorey minis lan poul pran ti konsey sa a, li tap bon anpil si yon jou 50 diferan bachelye ta nan yon sal, sitou BAKTEKNIK; EPI POU CHAK AK EKZAMEN PA YO, 50 KANDIDA, 50 KALTE EGZAMEN. Elev ta sispann tann telefon yo limen avan yo ekri non yo
Posted on: Wed, 03 Jul 2013 02:27:56 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015