Mwen ta renmen men ou menm ou ta renmen konnen ki moun ki chef nan - TopicsExpress



          

Mwen ta renmen men ou menm ou ta renmen konnen ki moun ki chef nan peyi sa a? ki moun ki respekte la lwa? eske tout moun se chef oubyen tout moun se sivil? Mezanmi se yon veritab problem! mwen mande si yon neg pa popile ou byen ou pa gen chef ki zanmi w nan ki kalite problem ou ka ye! bagay la led! tout moun se chef, pa gen moun ki respekte la jistis, tout moun fe sa yo vle ! men jiskilè? mwen anvi konpran mwen pa konpran! moun ki la pou ta mete lod se yo kap fe dezod! men ki moun ki model site a! ki moun ki ka pote nou sekou lè nou an danje! Anpil nèg vle kraze peyi a paske yon konnen madan yo ak pitit yo pa nan peyi a? paske yo konnen yo se palmantè oubyen yo se zanmi chef!!!!! Tout moun ap di aba! men laprès ap aba! men nou fè anpil aba men ki kote li mennen nou? nou pa pran examp de anyen! An 2004 anpil moun te di aba men ki li te fè pou nou ? se kolera, se masak elatrye!!!! Haitien gen memwa kout nou bliye bone! Mezanmi peyi a pa gen PATI POLITIK se yon equip bann volè ki vle pran peyi a yo profite de feblès ti pèp la! ki pa ka manje e ki nan gragou! Klass entelektyèl la divize e anpil la dan yo se afranchi!!! yo se ipokrit yo ap manje sou do bef e yo ap pale li mal!!!!! JBM
Posted on: Thu, 24 Oct 2013 16:44:57 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015