Nan Vatikan, legliz katolik sou wout laa pou yo deklare Pape Jean - TopicsExpress



          

Nan Vatikan, legliz katolik sou wout laa pou yo deklare Pape Jean Paul II Saint. Kom ou konnen Pape Jean Paul II te mouri an 2005. Pandan li te pap li te fe you paket reyalizasyon pou et ke legliz konsidere anpil. Misye te konn vwayaje anpil, yo te bal ti nom 'le voyageur'. Misye vizite plis pase 200 peyi. Chak fwa li rive nan peyi sa yo, li bo te-a. An 1983, li te bo te peyi dayiti, misye te di ke bagay yo dwe chanje an Haiti. Gen moun ki panse ke mo sa yo ke li te prononse a te ede dechouke rejim Duvalier-a. Yo di li ede mete la paix nan mitan tout relijion yo, yo di li te geri moun, yo di gen ti mirak li te fe, yo di li te you bon Pape, yo te tire li. Li te rankontre, rekonsilye e priye pou Ali Agca ki te fe atanta poul touye-l la. Antouka Pape Jean Paul II kapab vinn Saint, kisaw panse? Eskew panse li merite sa? ann pale.
Posted on: Wed, 03 Jul 2013 10:57:59 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015