Nan non tout sen denden Nan non tout sen denden, tout malveyan - TopicsExpress



          

Nan non tout sen denden Nan non tout sen denden, tout malveyan Nan non sent entenronp, pa lave ti visye, societe gâté Nan non atizan, patizan, ayizan, vant gonfle nan bwe res bav etranje Nan non chen priye, chen san met, chen ki konnen pou l kase chenn Ti kle monte ti kle desann Ayisyen pale, Ayisyen konprann. Lakay granmoun gen lod lakou a gen prensip li Chen anraje a ap komanse mode met li. Mache chache pa domi san soupe Si w anpeche m manje, Ayisyen konn res la. Kolera Minista Sendomeng salami Gouvenman rachepwel Gouvenman poupe twel Bandi grenn sal Bandi san sal Bandi legal Tet kale kale tet Tet pete, tet dejwe Tet depite visye Tet senate dile Tet jounalis mal touche. Se pa priye ki manke Se pa baleine ki pa limen Se pa dlo nou pa jete Nou fe neuvaine Nou roule chaple Pou neg pa bo isi Nou frape kat fasad Nou trese ruban pou bandi grenn sal, san sal, legal pran bal Jean Edcher Hippolyte Se pa 2 nanm kap kriye ki paka monte paske le yo potko rive Se pa 2 pitit Bondye ki mouri Pou fe mesye entel plezi Kafou verite, Dyol tout moun bande Je tout moun pete Yo pa we yo pa tande Tout moun ki la se pa Bondye k mete yo genyen se dyol yo genyen se devan yo Poutan chaje inonsan nan mitan yo Yon tas café pou sa yo non yo pa site yon gode dlo Pou sa n pa we yo yon priz tabak Pou lwa k pap fe bak yon koulangyet manman Pou san manman Kap met domi nan je pitit Bondye! Jean Edcher Hippolyte
Posted on: Thu, 19 Sep 2013 04:44:32 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015