Pouvwa tet kale-a, you inyorans istorik, ou bien you estrateji - TopicsExpress



          

Pouvwa tet kale-a, you inyorans istorik, ou bien you estrateji gouvenmantal pou fe pep la bliye sak te pase 28 jiye 1915, le blan meriken te rantre an ayiti, okipe peyi-a pou 19van, kite you system malpwopte nan peyi ke moun ap soufri jouk jounen jodia. Refleksyon de Carlo Sainristil Pouvwa tèt kale a meprize listwa peyi a. Lè se nèg sot kap dirije w, si w pa veye byen li ka fè w pèdi memwa. Pouvwa restavèk tèt kale bobis mèsi pè a bliye si 28 Jiyè 1915, bot fere meriken aloufa te anvayi peyi nou okipe l pandan 19 lane. Yo volo tout richès peyi a, masakre konpatriyot nou yo, vyole bèl nègès kreyol nou yo jouk lè yon ayisyen vanyan nan tèt lame kako, Charlemagne Peralte ta pral mete yo deyo nan peyi a. Jodi a Mateli ki pa konnen anyen nan listwa peyi a, asasinen bèl paj listwa sa a lèl deside chwazi dat 28 Jiyè 2013 la pou fè ayisyen ti sèvèl al danse sou kadav zansèt nou yo anba pwent zam solda lokipasyon Nasyon Zini yo ki pote kolera nan peyi a, ki fè gason makomè ak fanm monkonpè ap reklame dwa pou yo legalize aktivite devan/dèyè yo an, yo volo kabrit peyizan nou yo, epi tout lajounen y ap bwote tè peyi a nan avyon pote nan peyi etazini. Ayisyen/ayisyèn, nou pa dwe manje manje bliye. An nou leve kanpe pou nou fè pouvwa tèt kale a konnen nou pap pran kaka pou l kouve pou ze. Mizik fè chen danse, se Mateli ak Laurent La morgue pou l fè danse se pa nou menm. An nou pran weekend sa a pou nou reflechi sou konsekans 19 lane okipasyon ameriken lan nan peyi a ki fè jouk jounen jodi a nap trennen yon kwa lamizè ak povrete dèyè nou. Etidyan nan fakilte yo, sa ki pa nan konfyolo ak pouvwa a, nou leve kanpe, jounalis ki pa vann plim yo ak mikwo yo bay pouvwa seliwoz la, pwodwi refleksyon bay pèp la pou ride l konprann nan ki salmanaza li pran la a jounen jodi a, komèsan, ti machann, peyizan konsekan rele dèyè pouvwa banbochè sa a ki soti pou fini ak dènye ti resous kite rete nan kès leta a, Senate ak Depite ki pa nan koupe rache ak pouvwa a nan majorite prezidansyel ann fè yon sèl ak pèp la pou nou di Mateli, Ayiti pa dwe peri fok li viv. Carlot Sainristil
Posted on: Sat, 27 Jul 2013 01:17:28 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015