SE TI BOUTON KI MENNEN MALENG " Ayiti sitiye l nan yon kalfou - TopicsExpress



          

SE TI BOUTON KI MENNEN MALENG " Ayiti sitiye l nan yon kalfou batay politik, kote tout sekte politik yo divize kote tout ayisyen genyen chenn nan pye. lavi a monte tet neg, lamize ap kouri ak vites. chomaj ak ensekirite ap kraze kannkes ti neg. sa lakoz anpil moun je pete nan lari, anpil gason ak fanm vanyan kap mande revandikasyon pou ti trip kap vale gwo trip. bagay ki lage sitwayen ak sitwayenn nan kouri fe yo pa menm ka al we fanmi ak zanmi si tou ki nan kot sid. potoprens se soley cho kap kraze zo, se yon pousye kap dechire ke, se yon bann pil fatra kap touye n ak kolera se yon blakawout ki lage nou tankou koukou. jenn ayisyen maten midi swa se yon sel panse , jiskile papa bondye a di yon mo pou yo, pou retire yo nan peyi sa kom si lot peyi yo se te paradi ak bel rega. si nou voye je gad konpatriyot nou yo brezil chilikay dominikani bagay ki pou fenn sezi. hummmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmm, mezanmi pi ta pris.
Posted on: Sat, 21 Sep 2013 04:09:25 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015