STS. PETER AND PAUL CATHEDRAL Diocese of Saint Thomas in the - TopicsExpress



          

STS. PETER AND PAUL CATHEDRAL Diocese of Saint Thomas in the Virgin Islands P.O Box 301767 SaintThomas, U.S VI 00803-1767 Phone: 774-0201 fax: (340) 776-9586 Webpage: cathedralvi Email : Cathedralvi@gmail Chante pou Lamès. Antre Bondye envite m nan fèt lakay li ala on mèvèy sa a Depi byen lontan l ap espere mwen Fèt la bèl! Fèt la bèl! 1-Se Bondye ki rele mwen ki konvoke m tande Se li menm k al chèche mwen, ki rasanble m Alelouya! 2-Bondye m nan l bon pou mwen Li san parèy tande M ape chante pou non li, danse pou li Alelouya! Kiriye O Bondye tanpri pitye pou mwenO koute vwa m Wa padonen mwen souple, padon Papa 1-Gen jou m leve, mwen lapriye wGen jou m leve mwen neglije wTanpri Papa pa gade sa, bliye sa 2-Lè m nan mizè m rele w Papa Ou ban m lajan, mwen ba w traka Tanpri Papa pa gade sa, bliye sa Gloriya Viv Bondye nan syèl la Sou tè a se pou pep li a viv ak ke poze N ap fè lwanj pou li, se li n ap adore N ap fè konpliman pou li (2e vwa): Lwanj e glwa pou Bondye nan syèl la Alelouya! li bay kè poze pou tout moun sou tè a. 1-N ap lwanje non ou devan tout nasyon yo Nap deklare yo tout mèvèy ou fè Avèk pouvwa ou ou kreye syèl la Ou kreye tè a fo n di Alelouya! 2-Tout sa k sou late fè lwanj pou Granmèt la Tout zwazo nan syèl yo fe mizik pou li Fey bwa k ap souke di glwa pou Granmèt la Nou menm ki kretye n ap di Alelouya! Meditasyon Sòm Aklamasyon Alleluia a viv levanjil la, Alleluia a pawòl liberasyon, Alleluia bravo pou Jezikri, Alleluia lwanj pou li. Kredo Wi mwen kwè nan Bondye a Se li ki mèt lavi mwen Mwen deja fin sètifye Sa l di se verite. 1- Mwen kwè genyen Papa a mèt tout pouvwa, E mèt syèl la ak tè a, Li fè tout sa nou wè E li fè tout sa je pa kab wè. Tout sa l kreye yo la Yo depase tout pouvwa lezòm genyen Pèsonn pa di m anyen Map kenbe lafwa m jiska lafen. 2- Mwen kwe gen Jezi Kri, li se Granmèt E se sèl pitit Papa a Ki la depi totu tan E l se Bondye ki sot nan Bondye. Li te vin sou tè a e l te pase Kèk bon lane pami nou. Se lanmò li sou kwa a K ap pèmèt nou rive nan syèl la. 3-Mwen kwè gen Lespri Sen, Li te pale le pwofèt yo tap pale. Se li kap met dife K ap pemet pep Bondye a vanse. L ap simaye lanmou ki sot nan Papa ansanm ak Pitit la M ap tann tou mò leve, M ap tann lavi k ap vini an. Ofètwa Tout sa n genyen tout sa n ye Se ou ki ba nou yo Nou vin remèt yo nan men w Granmèt pran yo pou fè sèvis ou (2 fwa) 1-Depi avan mwen fèt ou te deja konnen m Depi nan vant manman m ou te deja chwazi m Ou gen yon plan pou mwen ki fè w mete m ap viv Si m pa fè volontèw mwen pap janm reyisi 2-Ti pen n ap ofri w la, se ou ki ba nou li Diven n ap ofri w la se nan men w li sòti Anpil moun te travay pou yo jan yo ye a Konsa yo reprezante tou sa ki sou tè a Sanctus Sen sen se ou ki sen o, Sen Sen se ou ki sen tout bon Sen Sen se ou ki Sen o, Sen Sen se ou ki Sen tout bon 1-Bondye se ou ki Granmèt Tout sa ki nan syèl la Bèlte ou plen syèl la ak tè a 2-Bravo pou sila ka vini Nan non Granmèt nou an Rele viv Bondye nan syèl la Anamnèz Jezi leve, li chavire lanmò Annou rele bravo viv Papa Bondye Papa nou Papa nou ki nan syel la se pou volonte ou fet Sou te a tankou nan syel la Se pou yo respekte non ou Se pou yo rekonet se ouki wa Se pou volonte ou fet sou te a tankou nan syel la Pen nou bezwen chak jou a ba nou li jodiya Padonen sa nou fe ou tankou nou padonen moun ki fe nou kichoy Delivre pitit ou yo anba tout sa k ap antrave n Komansman pouvwa se pou ou lwanj ak konpliman se pou ou Kounyea e pou ou tout tan Lapè Pou nou pwogrese fò n met tèt ansanm Kolabore nou nan tou sa n ap fè Si gen tèt ansanm, pwojè ap reyalize Travay ap òganize, amitye pap janm fane (bis) Si gen divizyon pa kab gen inyon Paske se nan inyon ki ba nou plis fòs Pou gen bon menaj, fò youn kab soufri pou lòt Fò youn chèche konprann lòt Pou nou ret ann amoni (bis) Agnus Dei Jezi ou menm mouton Bondye Papa a voye vin delivre nou Pran ka nou, geri nou, sove nou Tanpri pitye pou nou Jezi ou menm mouton Bondye Papa a voye vin delivre nouPran ka nou, geri nou, sove nou Tanpri pitye pou nou Jezi ou menm mouton Bondye Papa a voye vin delivre nou Pran ka nou, geri nou, sove nou Vin fe ke nou poze. Kominyon Sa Jezikri ye? Jezi -Kri se pen vivan Bondye voye bay pèp li a Manman Mari pote l pou nou, Manman Mari pote l pou nou 1-Jezi se pen k sòti nan syèl Bondye ban nou l pou lavi n pi anfòm 2-Jezi di nou : " Chèche sitou manje nan pen ki pap janm fini an." 3-Bondye Granmèt toujou ba nou Manje vivan ki sèti nan syèl la 4-Moun ki manje nan pen silaa An verite li pa gen dwa mouri 5-Pen pou n manje si kè nou pwòp Si n abiye avèk lavi Bondye 6-Pen pou n manje si nou renmen Si n viv ak lòt jan Bondye viv ak nou Remèsiman Mèsi Bondye, mèsi Granmèt Mèsi Papa, wi nan Jezi mèsi Pa lantremiz Lespri a 1-Mèsi pou mete ou te metem ap viv Lèm gade lavi sa a m di alon kado, m di alon kado 2-Mèsi pou tou bagay ou kreye pou mwen Lèm gade kreyasyon an m di sa se mèvyè, m di sa se mèvèy. Sòti Ann al pote bòn nouvèl la, Ann al travay pou Granmèt la Nou te pwomèt Jezi tout sa Fòn pa bliye pwomès se dèt 1-Leve kretyen an nou reveye n Ann al pote bòn nouvèl la Pami no upa dwe gen divizyon An nou mete nou an naksyon 2-Nou gen yon fòs ki pwisan anpil Se sila nou rele lafwa No upa bezwen fè anpil kalkil Pou nou konvèti pil pa pil
Posted on: Tue, 18 Jun 2013 15:23:00 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015