Sevis enfomasayon Komite Etidyan Ayisyen nan Lawousi ap salye tout - TopicsExpress



          

Sevis enfomasayon Komite Etidyan Ayisyen nan Lawousi ap salye tout ayisyen ki ap viv Lawousi e ap tou pwofite raple nou, wikenn finisan an ki pwograme pou vandredi 28, samdi 29. Nan vandredi 28 nap gen yon match gala nap oganize nan spotzal la (diplome vs non diplome). E dapre Dany Abraham Fils Joseph kapitenn ekip finisan yo, ki diplome ane sa a nan fakilte agronomi semante 77 fwa 7 fwa, match sa a ap fini 10-0 " En faveur des diplomes assurement". Yon lot kote nou gen Jimmy Diclona kapitenn ekip non diplome yo ki deklare, sa pap pase konsa, paske zo granmoun pa pran. Kidonk nou envite tout ayisyen kit ou te nan yon lot vil, kit ou te Moskou vandredi apremidi nan spotzal la pou yo vinn asiste match sila ki ap enteresan anpil. An menm tan, nap pwofite felisite Icarfens Mortel pou travay li nan kominote a. E lap manke nou anpil. Take care !!! Nou konte sou nou ti mesyedam nou yo. ИБО ВМЕСТЕ С ТОБОЙ НАМ ВСЕГДА ЛЕГЧЕ !!!!!!!!!!!!! Le Comite des Etudiants Haitiens en Russie (C.E.H.R.)
Posted on: Sun, 23 Jun 2013 19:05:04 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015