Silvouplè zanmim! Pote atansyonw pou li tèks sa paske li - TopicsExpress



          

Silvouplè zanmim! Pote atansyonw pou li tèks sa paske li konsènew! Mèsi. -----—----------------------------- Mwen renmen peyim, e mwen ta renmen tout sa ki bon pou li paske se eritaj zansèt mwen kite pou mwen. Men sa pa anpechem di sam pral di la e nou pral wè poukisa: Yon moun ki kanpe ki bat lestomak li poul di kel fyè li se Ayisyen, konnen moun sa pa enfòme ditou, ditou, ditou, ... Pa jwe ak mo yo silvouplè. Fyète yon peyi pa ka baze sou bèl plaj, bon pla manje, bèl istwa, sit istorik, etc... Se sèl Ayiti ki gen lanmè? Se sèl Ayiti ki gen moun ki gen dwèt pou fè manje? E moun kap viv ladanl yo, sa yo itil? Kot avni yo? Kot imaj yo devan etranje yo? Kot evolisyon nou fè aprè bèl pakou istorik nou an? Kot progè nou fè a, aprè plis ke 200 lane? Kisan fè ki montre lanmou nou di nou genyen pou peyi nou an, sinon ke plen pòch nou nan pwòp enterè meskenn, pandan nap kache kò nou dèyè kòtèj ak vit tente pou yo panse sonw afè nou ye. Anpil nan yo bliye wòl yo ak devwa yo. Menm definisyon patriotisme yo bliye alevwa pou la patrie. Epoutan se menm tèt anba sa yo kap panse pou nou. Sa gen plizyè lane, sistèm gouvènans nou an konronpi de la tèt o pye. Lòt gwo nasyon yo ansanm ak tout ti visye sousou nou yo rete la yap gade, yo pa di yon mo paskel bon pou yo, sa vle di vant nou a toujou nan men yo e na toujou depann de yo. Men podyab, yo toujou itilize sansibilite nou ak emosyon nou pou yo pran nou kòm pyon nan jwèt yo. Ou menm kap li la, ou sonw viktim. Kenpòt kotew ye sou planèt la, paskew gen san Ayisyen nan venn ou. Li lè poun gen yon ideoloji kolektiv poun vanse pou pi devan! Nou se fòs, e nou kapab. Ann avan! Mèsi. Donatien Louis
Posted on: Tue, 19 Nov 2013 03:21:05 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015