TOUT AYISIEN PA MENM,TOUT AYISIEN PAGEN MENM ORIJINN NAN - TopicsExpress



          

TOUT AYISIEN PA MENM,TOUT AYISIEN PAGEN MENM ORIJINN NAN 1804. Jenerasyon kap jwi byen san sye pa konn doulè travay ak imilyasyon. Ayiti rete yon gro peyi pa listwa li fè sou tè a. Malerèzman,peyi sa ki bati nan batay mas esklav, ki koute san yon mas tavayèz trouve ke se sel nan lekòl yo anseye listwal pou elèv ki yo menm ap lite pou pase klas.Yon istwa ki ekri pa moun ki gen orijinn yo nan klas moun ki te lèdmi klas esklav yo.18 novanm denye, nou te ekri sou 2 fraksyon klas dominant yo ki te komanse batay nan sendomeng ki pral antre tout system nan nan yon kriz ki pral debouche sou endepandans nasyonal an 1804. Gen yon fraksyon nan elit ayisienn nan ki telman rasis, yo defome listwa a. Lespri enferyè yo kondwi yo prezante istwa peyi a kom yon lagè ki te gen ant pep ayisien ak pep franse. Se yon fason pou dedomaje yo de tout tray yo te fè màs esklav yo pase. Yo rakonte mouvman papa yo se te yon mouvman refomis e mouvman kolon yo te reyaksyonè. Poutan nou te wè ke kolon blan yo tap batay nan yon premye tan modifye e nan yon dezyem tan kraze rapò ant koloni e metropòl la. Aloske proprietè milat yo tap batay selman pou gen menm dwa politik ak kolon blan kom klas dirijant. Batay y opa janm vize sò esklav yo, kote yo refomis la a,pwiske, y opa tap batay pou te refome anyen nan system nan sinon ke aplikasyon menm dwa politik pou 2 fraksyon de menm enterè ekonomik. Si nan mitan klas dominant yo te gen lese frape eben nan mitan esklav yo te gen vizyon diferant akòz tout esklav yo pat nan menm sitirasyon la vi. Konprann byen 1804 a jodia,mande pou nou gade chak gro moman batay mas esklav yo te mennen.Nou pa pral pale de lit endividyel chak esklav,men batay kolektif kont system esklavajis la e pi lwen yo pral asosye batay sa a kont system kolonyal la tou. Premye priz de konsyans kolektif esklav yo ki te chita sou de objektif komen komanse ak MAKANDAL.Epok sa a, esklav yo te komanse ap lite anba chal kont tout eslavajis. Batay la te fondamentalman repoze sou aksyon militè. Malgre tou,Makandal te gen yon vize global. Li te voye MAKAYA al òganize group klandesten nan Okay pou goumen kont fos esklavajis yo tou.Nou trè klè lè nou pale de fòs esklavis yo. Pitit afranchi milat yo ki ekri listwa montre ke esklav maron se sel kont kolon blan yo te konn batay. Se komkwa papa yo te telman konn byen trete esklav yo kom bon papa ki fè esklav yo pat konn batay kont yo tou. Ak boukman, batay la pral pran yon lot degre. Esklav yo Fè kongrè yo, yo kanpe pati yo. YO Mennen lit la sou teren politik, ekonomik ak ideyolojik. Se sou rapò 200 delege,yo reyini pou deside sou direksyon yon lidè. Nan mitan yo te déjà ki diferans. Chef esklav yo te limite konba a sou keksyon yon revandikasyon ki te nan kod nwa a ke kolon esklavajis yo pat janm aplike-lage travay bonè nan vandredi ak samdi yon jou repo :dimanch.Men militan ki te nan baz esklav yo, yo menm te déjà ap poze problem libète pa mache san jwisans byen tankou la tè. Ak tousen Louveti, mouvman an pase yon lot kalite vites. Yo pran chimen lit ouvèt. Oganizasyon an chita sou baz yon lame anba direksyon ansyen esklav lib e propriyetè. A chak konjokti yo alye yo ak de lèdmi stratejik kont yon lèdmi prensipal nan yon moman.yo batay pou konsolide libete jeneral, answit yo tonbe nan batay pou otonomi. Yiè 29 novanm nan fè ekzakteman 220 tan depi lesklavaj te fini nan sendomeng. Istorien klas dominant yo entèprete zak sa a kom yon sikonstans oblije. Fason sa a minimize pòte revolosyon jakoben yo an frans nan lane 1789. Depi 1788, gen yon group franse ki te fome yon asosiyasyon ki te rele klib zanmi moun nwa. Neg sa yo pat konn kolonizasyon, men yo te kont esklavaj nèg nwa. Yo te vle pou yo konveti esklav yo kom kiltivatè ak ouvriye atelye. Yo te chita lojik yo sou yon lojik kapitalism.pwiske te komanse gen mwens gè ant tribu an Afrik, yo te krendre ke ton tan, li tap enposib pou renouvle fòs de travay la ki se esklav yo. Yo te ap batay pou amelyore kondisyon esklav yo kom moun e sa ap pemet yo renouvle fos prodiktif yo sou plas. Aprè bagay Galbo a, Sonthonax fè yon eleksyon pou vote 3 depite pou al poze problem global koloni sendomeng nan asanble nasyonal an frans.Louis Dufay te eli pou reprezante propriyetè blan,Jean-Batiste Frey,propritè milat e Jean-Batiste Belley lib nwa. Se depite blan an ki rele Louis Pierre Duffey ki te defann koz esklav yo nan asanble nasyonal la. Diskou li fè a rete selèb, jouk konnia diskou sa a nan achiv asanble nasyonal fransez la. Gen pami revolysyonè franse yo tou problem mete fen a esklavaj la te konn poze. Tankou Herbert,Marat e byen avan yo Babeuf. Toussaint pral jwenn yon teren favorab pou mennen yon batay nan enterè group nouvo lib menm jan tankou l’. li pran sou do l’ pou l mete enterè lib kiltivatè,kolon blan ak leta franse nan yon sel panye ki chita sou konpromi pou nouvo lib e konpromisyon pou mas kiltivatè ansyen esklav. Li kontinye nan menm liye kolon blan yo pou sendomeng vinn otonom.esklav yo ki te reve propriyetè pedi fwa nan jwèt toussaint an,ki touye yo pou bay privilèj a kolon blan. Sou Dessalines,batay la vire pou lit pou endepandans nasyonal a travè yon konba revolisyonè.Afranchi milat propriyetè yo ki te a kote sou Toussaint ak nouvo lib nwa propriyetè alye yo ak Dessalines e mas esklav yo.Se vre se 2 klas sosyal ki mete ansanm pou fè Ayiti, men pa ak yon menm vizyon pa pou menm enterè. Depi apre 1804,ansyen propriyetè milat ak nouvo propriyetè nwa erije yo an nouvel klas posedant nan volò tè. Se sak fè Akao pral di milat pov se nwa e neg nwa rich se milat. SE 2 FRAKSYON YON SEL KLAS KI PETE NAN MENM BONDA. Kidonk li enpotan pou nou ki progresis ak revolisyonè demaske tout fòm mystifikasyon komkwa nou se yon sel pep ki rele ayisien.Mezi rasis kap pran Sendomeng yo konsène an premye lye travayè ayisien yo. Pagen yon mobilizasyon de etidyan ayisien yo pou mobilize e travayè ayisien e travayè dominiken kont sa.yon pake manti ke klas dominant fè a travè listwa pou jouk konnia nan mytifye moun ke nou tout se menm. Yon fason pou divize klas popilè yo, pou enpeche yo konstwi solidarite de klas a travè yon tet kole ak yon priz de konsyans. Klas dominant yo gen yon pakèt restavek nan politik ak nan medya kap propaje myt yon sel pep pou yon sel peyi.yo gen yon mod tout moun gen dwa, sa ta vle di sosyete a pa divize an klas sosyal. Yo gen yon seri de spesyalis menm ki toujou ap prezante statiktik sou baz jènn/vye, fanm/gason,protestan/katolik, moun ki al lekol / moun kip a ale ;kom kwa ou pap trouve protestan,katolik, neg diplôme nan yon sel klas eskplate yo. Ou menm trouve de progresis ki chita nan zafè nèg nan nò, neg nan kapital,neg latibonit,neg nan sid. CHanjman mas eskplwate ak domine yo posib, men fok yo konte sou prop tèt yo,nan konfyans nan yo kom fos politik otonòm ak nan konsyans nati istwa yo kom klas pou konstri avni yo nan kontinite batay DESSALINES,AKAO,GOMAN,SALNAVE,BENWA BATRAVIL,JACQUES ROUMAIN, STEPHEN ALEXIS,CHARLOT JACQUELIN E TOUT LOT KAMARAD REVOLISYONÈ..
Posted on: Sat, 30 Nov 2013 23:45:53 +0000

Recently Viewed Topics




© 2015