••• Tout moun ki te konn fè bwi nan koze senatè Edo Zeny - TopicsExpress



          

••• Tout moun ki te konn fè bwi nan koze senatè Edo Zeny an sou bagay ke yo te di li krache sou yon jij la,yo tout ap pèdi plim yo tout ap kase dan yo wi la nan dosye André Michel la ( tankou prezidan an konn di li, li te konn desann pantalon li nan mizik, yo menm yo kontinye ap desann pantalon yo nan politik e mwen m deklare ke pèp la pa fòse menm ankò non pou li wè anba yo non ki bouke sal) Ki medya pami sila yo ki ap pale de arèstasyon ilegal yo ki ap ankouraje palmantè delenkan yo te konn pale lè yo te konn ap atake kòmandan Guy Philippe. Talè konsa se Paul Denis ki te konn fouye kay senatè nou va envite ou Claudy Gassant - Camille le Blanc ki pwal sèvi nou de limyè mmm gen koze wi ... Nan medya sila yo konbyen fwa yo te konn apwann moun pou yo pa pwan senatè sa yo pou anyen lè Mme Pierre-Louis te konn bay propriyetè yo chèk kòm konsiltan oubyen bay pwòch yo job oubyen fè lajan soti sou non lòt moun pou yo, yon fason pou pèp la pa dekouvwi yo men se te BKMK ( byen konte mal kalkile ) Konbyen nan direktè opinyon ki te konn pwan Youri Latortue kòm gwo palmantè e di ke Moïse ake lòt ki ap jwe jwèt li pa konpetan se majorite san kalite yo ye, koulye a li ansyen senatè a konpwann ke li paka ap jwe jwèt yon granmoun fanm egoyis ki gen yon sèl objèktif fè Ayiti parèt lèd pou enpwodiktif parèy li toujou fè moun konpwann ke se yo ki konnen e ki te ka fè, li ap konseye yon prezidan li pa bon ankò ala mechan ... Konbyen nan nou ki t konn di se pou Michel Martelly Negosye si non peyi a pap avanse lè sa a annimal politik la senatè Joseph Lambert te anfas wi e li t bon pou nou se nou ki t konn ofwi pèp la nou paka ap denigre koulye a sou okenn pwetèks mesyedam E poutan se pa memwa nou ki kout non kòm jounalis se paske nou pa pwan pèp la pou moun, nou toujou panse ke li pap janm konn li ake ekri kidonk se sa nou panse a ki ap toujou pase. Nou te konn prezante ki moun ki avize ki moun ki eklere bay Pèp la ke fanmiy Maniga te trete de chyen ki retounen bwè menm vwomisman li a ankò ke nou tout tap defann sou pwetèks ke se paske nou pa entelektyèl ki fè nou mal entèprete li a e ke nou pa ka konpwann, se pou sa pèp la te montre nou ke vwomisman sa kote ke se nou menm ankò ( fo laprès- fo dwa moun-fo politisyen elatriye ) ki te konn pwofite de li a, ke li pa rete nan sistèm dijestif Ayisyen vre ... Mwen konnen se pye kokoye kwochi ke nou ye nou pap ka kite kòripsyon jodi a Guy C Delva pa kredib paske li nan zòn woz la ata menm mo woz la nou pa vle di nan radyo si nou pap mete yo vye bagay akonpaye li ( se mizè woz- grangou woz elatriye ) Nou di nou kont diktati konbyen jounalis parèy nou ki kofwe anba nou nan medya nou oubyen nan yon lòt medya paske yo pa fè sa ke nou ap pwone pase okontrè lè nou remake ke yo twò pètinan nou trete yo de pwopagandis pandan ke nou ap defann mo lòbiyis. Mwen t ka raple nou plis bagay wi men banm mande nou sa yo * Se sa yo bay nou an ki toujou twò piti ki fè ke se de bò pou nou ap ranpe a, mwen pa konnen kenn animal ki konsa kòm mwen pa entelektyèl e ke mwen pa gen konesans veterinè. ( nou nan Lamothe nou nan Boulòs nou nan Apèd nou nan pouvwa nou nan opozisyon oo nou toupatou... Mezanmi O ) * Èske si kèk lòt palmantè chwazi mete yo an delenkan pwan Brandt nan men lajistis nap ka pale, men wi na di se pwezidan an ki voye li fè sa. Paske nou fè jij ki t nan dosye Valentin an konn jòj * Mwen konnen se kòb nou ki konte pou nou ak latwoublay pou nou toujou peze moun souse moun, lè vakabon yo pa k jwenn kòb nan leta a ankò e ke chèf bandi yo ki te nan palman pa ka jere baz paske manda yo fini piga yo pwal di yo gade moun ki pa sanble ake yo mache pwan yo paske se yo ki fè nou sa nou pap di pou lajistis fè travay li non paske apwè sa ki fin pase la se 2 pouvwa wi nou di peyi a genyen koulye a se Ekzekitif ake Lejislatif e tout moun ki konpwann pap aksèpte kew di gen entèpelasyon pou minis jistis non paske zafè pa gen fijitif sa se tankouw di pa gen manda pa gen pouvwa jidisyè tou non. Bon nou rete la nou gen pou nou kontinye ... ( SURFIN, Jean Marc Lemuel / V.N.N. [Vrè Nèg Nò- Van Nan Nò] )
Posted on: Sat, 26 Oct 2013 12:06:38 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015