Vant kode ! Anpil rèl kay makorèl ! Nou mal jwe, donk nou byen - TopicsExpress



          

Vant kode ! Anpil rèl kay makorèl ! Nou mal jwe, donk nou byen pèdi....lèd. Penalite a pa bon e vre. Gol la enjis ! Men sa pa chanje anyen....Salvado jwe pou l genyen pandan ke nou menm nou te jwe pou n pèdi. E nou pèdi. M gen ti pwoblèm ak antrenè Grenadye yo. Elas..... M pat wè ekip l. Jwè yo te tankou zonbi. Pa t gen konviksyon. Pa t deteminasyon. San dout yo te fatige. M tris anpil... M santi m cho e frèt. M gen tèt fè mal. Dlo ap koule nan zye m pandan m ap ekri mesaj sa. Se lavi..... Nou p ap dezespere. Foubol la bezwen nou. Peyi nou bezwen nou. Nou poko fin elimine nèt. Si Ondiras kale Trinidad nou ka kalifye kom meyè 3zyèm. Ann swiv ! Ann priye ... Daly
Posted on: Tue, 16 Jul 2013 01:10:55 +0000

Trending Topics



"min-height:30px;">
ASUU STRIKE NANS passes vote of no confidence on
Trivia101. Artist With Their Last Single To Top Billboard Hot

Recently Viewed Topics




© 2015