Yon touris japonè rive nan ayewopò Charles De Gaulle epi l pran - TopicsExpress



          

Yon touris japonè rive nan ayewopò Charles De Gaulle epi l pran yon taksi pou al vizite Stade De France. Sou otorout la, li gade nan vit dèyè a li apèsi yon moto k ap double, li tape zepòl chofè a epi l di: «Moto Kawazaki, trè rapid... Fabrike o Japon!». Lè yo rive yon ti jan pi lwen sou rout la, touris la tape zepòl chofè a ankò epi l di: «La... Oto Toyota, trè rapid... Fabrike o Japon!» Menm si l fatigan, chofè a pa di anyen. Li kontinye rout li jiskaske l rive stade olympique epi l debake pasaje a: «Oke mesye, sa fè 700 Fran». Pri a fè Japonè a pantan: «O la la... Trè chè!» Epi chofè a vire gade l an souriyan: «E wi , kontè trè rapid... Fabrike o Japon!» #james endps#
Posted on: Fri, 02 Aug 2013 21:05:58 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015