reflechi de istwa sa : se te yon neg kite rich, ki yon jou te gen - TopicsExpress



          

reflechi de istwa sa : se te yon neg kite rich, ki yon jou te gen yon pov ki vinn lakay li, ki te vinn mande l, kichoy; Sa misye fe li menm, li te pran yon po tou sal ki plen lobey ak fatra bay neg pov. alo mezanmi, neg pov la pa fe ni 2 ni 3, (kom ta di granpe m si te la toujou), li pran li al avel. Men apre 3 jou te finn pase, lakay neg ki rich la pot ap frape tok tok!!!! le misye al gade li we se neg pov la ki pote po a retounen byen pwop ak fwi ladan . neg rich la di, men ekwe m te baw yon po ki sal ranpli ak fatra, pouki ou menm ou pa remet mwen jan l te ya. Neg pov la di: chak moun bay selon ke yo ak selon sa yo posede. Moral teks sa : pa janm sevi de sa moun fe w ki mal pou aji nan men sans avel, chwazi fe diferans nan aksyon, depi ke lap kondwi nan pozitivite.A chak ke nap fe moun kado yon bagay raple w de imaj sila, e toujou bay, men bat pou bay menm jan ou te ka ofri tet ou yon kado.e Bondye ap beni w
Posted on: Wed, 31 Jul 2013 22:41:23 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015