An 1986 nou goumen kont Jn Claude Duvalier,nou voyel ale,apre nou - TopicsExpress



          

An 1986 nou goumen kont Jn Claude Duvalier,nou voyel ale,apre nou betize reg betize nou,sitiyasyon pep la vinn pi mal. 1990 yon mas popule reklame Jn Bertrand Aristide kom lide yo e yo votel an mas,sete pi bel e pi gro eleksyon demokratik ke Peyi a konnen,nou vinn goumen kont li,nou voyel ale men kondisyon pep la vinn pi mal. Prezidan Preval ki konn koule byen te glise anba men nou,se deriv Preval yo avek klas politik tradisyonel la ki pa janm regle anyen pou pep sof poch yo ki pouse pep la vote Michel Martelly,nou aranje ak sen domeng poun voyel ale.1) Problem mwen pou kisa nou pa janm prepare apre voye ale yo paske sitiyasyon pep la toujou vinn pimal apre chak voye ale,2)pou kisa majorite moun kap voye ale yo,depi 1986 se preske menm moun yo,moun sa yo se espesyalist nan voye ale,men yo pa janm genyen yon alternativ pou Peyi a soti nan woulem debo sa. Pou kisa nou pa pale antre nou poun jwen yon solusyon Ayisyenn paske voye ale yo pa janm pot solusyon durab pou nou. Mentnan nou gen yon nouvo Hit kise Dessalines pral lakay Petion men nou bliye menm Dessalines sa te met tet ansanm ak Petion pou te banou endepandans la. Mesye Dam suspann itilize pep la pou regle zafe madanm,pitit,ti fanmi ak ti zanmi nou.
Posted on: Tue, 19 Nov 2013 15:47:16 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015