CONFEDERATION GENERALE DES TRAVAILLEURS C.G.T Démocratie - TopicsExpress



          

CONFEDERATION GENERALE DES TRAVAILLEURS C.G.T Démocratie Solidarité Travail Potoprens, le 20 sektanm 2013 Nòt pou laprès Sekretarya Konfederasyon Jeneral Travayè CGT aplodi ak de men enstalasyon CAOS la ak konsey salè a. fomasyon de enstitisyon sa yo se rezilta gwo batay mouvman sendikal ayisyen a pou amelyore kondisyon la vi travayè ak travayèz yo. CGT pran not sou rankont ki komanse fèt ant manm de CAOS la ak Konsey salè a, men nap pwofite di reprezantan sendika yo fòk yo veyatif paske patwon yo se aloufa se pa fasil pou yo dako ak revandikasyon travayè ak travayèz yo. E leta sa a se tyoul patron depi yo jwenn lajan pa yo zafè travayè. Sou kesyon salè minimòm nan CGT ap raple konsey salè a la lwa 2009 la di klèman y opa ka rivize salè a la bès de tout se mete pou yo mete sou li. Anplis salè 200 goud se yon salè la mizè. CGT ap pwofite di pou tout moun swa leta o swa patron o pwop reprezantan sendika yo sa pa ogmantasyon salè se pito yon ajisteman paske 200 goud pou yon jounen travay se yon krim. CGT kwè pou yon enflasyon ki grenpe moute plis pase 23%, salè minimòm nan pa ta dwe pi ba ke 300 goud. CGT ap tout travayè ak travayèz rete vijilan tann modòd si pou nou pase a laksyon si sa ki dwe fèt pou dwa nou respekte. Viv enstitisyon sekirite sosyal yo Viv lit travayè yo Viv la CGT Délassaient Roger Elius Rejoius Dieudonné Jn Lubin Sekretè jeneral Sekretè egzekiti Sekretè fòmasyon Delmas 33, Rue Dr Kernizant # 7 Phone (509) 22 30 25 90 E-mail [email protected] Page facebook [email protected]
Posted on: Fri, 20 Sep 2013 20:54:08 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015