Ezayi 26:4-13 Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske - TopicsExpress



          

Ezayi 26:4-13 Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Seyè a ap toujou la pou pwoteje nou. Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. La kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l nèt ratè. Pòv yo ak malere yo ap foule l anba pye yo! Seyè, ou fè chemen an dous pou moun kap mache dwat, ou louvri yon bèl chemen plat pou yo. Nou vle fè volonte ou, nou konte sou ou. Se ou menm nou anvi wè! Se ou menm nap chonje tout tan! Lannwit, se ou menm map chonje. Lide m ap travay sou ou. Paske lè wap jije sa kap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis. Si yo fè mechan yo gras se pa sa kap fè yo konnen sa ki rele jistis. Menm nan peyi kote moun ap mache dwat, yap fè sa ki mal. Yo derefize rekonèt pouvwa Bondye! Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi ya wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo. Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l pou nou! Seyè, Bondye nou an, gen lòt chèf ki tap dirije nou. Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl nap sèvi! **Dadou**
Posted on: Thu, 14 Nov 2013 14:55:42 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015