Haitien vs Dominicain: sou kesyon dominikin dedomikanize plis ke - TopicsExpress



          

Haitien vs Dominicain: sou kesyon dominikin dedomikanize plis ke 300,000 dominikin ki gin descendant ayisyen. Opinyon pesonel mwen , mwen pa we anyen mal nan sa. yo se yon peyi independan et otonom. yo ka pran decisyon yo vle et nempot le lide yo di yo . m pa we mal nan sa. kounye a kesyon an poukisa moun sa yo ki dedominikanize yo pa vle acepte decisyon an se paske ayiti pa gin anye serye pou ofri yo. si te gin yon system education , job, moyen an ayiti moun sa yo tap selman di twippp . kounye a an pale plis serye si an 1937 president troujilo te fe masacre plis ke 30,000 ayisyen pat gin anyen ki te fet ni sou international et sou nivo national malgre nou te gin yon lame.kounye nou pa menm gin yon polis fos . nou selman sal tet nou , pale tintin e apwe sa anyen. epui nou rekompanse yo ak voye ayisyen al koupe kan n lakay yo. sa dominikin yo fe la pa anyen plis koman ayisyen trete ti restavek ki rete lakay yo. Unintended consequences ! nou chita nan diskod antre youn ak lot epui nou espere pou lot nasyon respekte nou. complacence ! nou soufri malada jan l ye a li bon pendan 213 ans , nou satisfe ak sa nou akompli. e nou pa menm wont pou n repete ke ayisyen se gran pep hahahaha menm bouki pap bat bravo pou nou. min tonton bicha ka rire pou nou , kom se sa selman ayisyen presente kom akomplisman pou 213 ans de lindependance. solisyon pwoblem sa chita selman nan ame pep ayisyen ak yon lot form education progresis , yo lot mentalite ki en revey et yon lot santiman sa ki rive m nan li pap rive pitit mwen. san sa, nou fouti. daye se pa dominikin selman ki fe l. bahamas et lot antilles yo fe menm bagay , sak pi red 99% ladan se neg nwa descendant ayisyen ki ap dirije zile sa yo. Jan ke dominikin yo di a, ayisyen se de bagay selman yo ofri peyi yo a: fos fizik pou nempot sa yo ba yo ak lot sevis la.nou konin l dejan plus grande proffesyon ki gin nan monde nan nou paka gin batay sa nan pale ampil , fe rara , al lakay gangan. se pou nou pran moun sa yo, epui reformated and reconfigurated our mind and set a 30 years goal by bench mark each and every year. mesi.
Posted on: Tue, 12 Nov 2013 02:52:03 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015