Karakteristik fòs fènwa a : Karakteristik fòs fènwa a, se - TopicsExpress



          

Karakteristik fòs fènwa a : Karakteristik fòs fènwa a, se lajan ak pouvwa. Pa gen relasyon frè ak sè ant militan ak militan. Militan yo nan fòs fènwa a pa konnen kay yonn lòt ; se relasyon esklav ak mèt ki devlope, se militan ansyen rat ki mache kay patwon. Patwon pa konnen kote esklav vye rat rete, paske nan je patwon militan se vye rat. Patron pap manje lakay militan esklav vye rat. Patwon pa konnen madanm ak pitit esklav vye rat. Se esklav vye rat ki konnen pitit ak madanm patwon politik. Fòs fènwa a se 1. Moun ki pwan plezi nan sèvi ak pouvwa yo genyen pou fè zòt abi. 2. Moun ki trayi konfyans pèp la ak pase diyite ketyen vivan anba pye. 3. Moun ki ap kondi kamyon lanmò a epi devore kè manman pitit. 4. Moun ki kwè yo se tout bagay (medsen, avoka, engenyè, sosyològ, elatriye). 5. Moun ki kwè nan lojik pouvwa ak reprezantasyon, pou piye lajan pèp la. 6. Moun ki pa kwè nan ekip, epi ki pa deside sèvi ak moun ki chwazi chimen lekòl. 7. Moun ki esplwate jenès la nan Rabatè ak mandatè eleksyon pou mil goud. 8. Moun ki pwan plezi nan fè moun wont ak desepsyon. 9. Moun ki kwè ke limanite viv sèlman pou manje, men non ak diyite. 10. Moun kap toupizi lòt anba travay san peye.
Posted on: Mon, 11 Nov 2013 18:18:34 +0000

Trending Topics



min-height:30px;">
ITS NOT YOUR FIGHT INDICATOR #3: When you have to spend more TIME,

Recently Viewed Topics




© 2015