Kendy Ivan*-- ak gen laaarrr 3 pastè ki chita k ap fè yon ti - TopicsExpress



          

Kendy Ivan*-- ak gen laaarrr 3 pastè ki chita k ap fè yon ti koze sou feblès spirituel yo. 1- Pastè Ti joel di: Feblès mwen se vòlè. Tout sa m fè pou m sispann vòlè lajan legliz la, m pa kapab. Si yon jou yo ta barem nan vòlè lajan legliz la, sa t ap yon gwo wont pou mwen. 2- Pastè Ti djo di: Feblès pa m se adiltè. M kouche prèske tout fanm nan legliz la sou madanm mwen. Ke lse madan marye ou pa. Fidèl yo pa sipoze janm konnen pawòl konsa. Otreman, m ap oblije sispann preche pou tout rès vi m. 3- Pastè Toto di: Ebyen, pi gwo feblès spirituel mwen genyen sè ke mwen tripotay m pa ka kenbe sekrè lòt moun fè m pou kont mwen. Kidonk, depi yon moun di m yon pawòl an sekrè, fòk m mete l nan lari . anmweyyyyy
Posted on: Mon, 28 Oct 2013 01:13:46 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015