Lèm tap leve, pat gen blackberry, ni Wii, ni playstation, ni - TopicsExpress



          

Lèm tap leve, pat gen blackberry, ni Wii, ni playstation, ni Xbox, ni Mp3 e ankò pat gen laptop... M te konn fè lago kache, teke mab, jwe foutbòl ak grenn chosèt, fè jwèt manman, papa, fè bato ak avyon avèk fèy kaye. Lè pou-m te antre al dòmi, se lè manman-m di: antre kounye a al dòmi! Lèm fè dezod, yo pa voyem al wè yon sikyat, yo banm baton! Pat gen tchate sou entènèt, lè yonn bezwen wè lòt wale lakay li, nou pat konn voye sms. Nou konn manje ak men nou tou sal, li pat ban nou kolera, m sonje lèm te timoun, pa gen tankou epòk sa.
Posted on: Mon, 11 Nov 2013 05:15:33 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015