Maten an nou tout ki kwe nan mo nou yo,leve,jete kafe ak tafia, - TopicsExpress



          

Maten an nou tout ki kwe nan mo nou yo,leve,jete kafe ak tafia, rouze ak bale tout demanbre ki solid yo. Rele espri ki konnen nou la nap viv toujou anba bouch mechan ki nan tet peyi a yo, mande yo limye ak chemen, anpil lanmou pou patri a ak konsitwayen nou yo. Se konsa nap rive fe konbit pou lavi miyo a,sa kap ede nou soti anba gwo konplo enperialis meriken ak sousou li yo kap fonksyone tankou patriyot nasyonalis demagog. Jou ale jou vini, doule ak soufrans ap devore espwa tout pep la e menm sak konsekan yo.Gouvenman chanpwel ale,gouvenman demagog ,koken ak vole dile dwog ki mare sosis yo ak kidnape mete peyi a an otaj depi plizye lane konsa. Ki kote espri neg vanyan nou yo kache? pouki yo abandone nou konsa? Jodia fet tout espri ki ale e nap tann ed yo nan kalamite nou ye la.
Posted on: Fri, 01 Nov 2013 04:27:38 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015