Mezanmi problem peyi-a se yon keksyon ayisyen pa kwe nan avni me - TopicsExpress



          

Mezanmi problem peyi-a se yon keksyon ayisyen pa kwe nan avni me rezon 1- jean bertrand Aristide pat jam panse li tap prezidan peyi dayiti li te konn kritike anpil bagay. 2- rene Preval li pat konn kritike li realize kek bagay. Paske li te pran lesson moun ki pase yo epi li pa jam fe voye monte pou di li fe. 3- Michel Martelly pat kwe yon jou li tap prezidan peyi-a li fe anpil vye bagay nan vi li. li te konn kritike Prezidan Aristide, li trete li te ti chien, djol Kaka, li fe chante kote Diri-a, paske li pat kwe nan avni. 4- le yo kandida yo touye pep la ak manti, mize nan tout figi ayisyen. 5- An 1990 tout peyi-a te gen yon sel chanson pa manyen Titid wa boule, nan program li, lavalas yo kreye anpil Lise, mwen di yo Mesi anpil. 6- Rene Preval fe anpil rout nan peyi-a, Mesi anpil. 7- Prezidan Martelly pa bliye te konn nan beton an pou rele deye Prezidan aristide, jounen jodia minn bagay lite konn fe yo tounen kont, epi pep la ap chante martelly w pa vle we-a se li yo pral we-a. 8- Prezidan Martelly chanje figi jan K-naval te konn fet nan peyi-a bravo. li fini kek travay Prezidan Preval bravo pou li. Li fe travay Pep la. 9-Map chire Pit antre nou depi apwe indepandans, neg nwa vs milat, Lavalas vs Makout. 10-Problem agrikilti, Problem kouran, Problem dlo Portable, Problem Rout,Problem Travay, Problem Insekirite, Problem sante, Problem tet ansann, Problem neg pa fe neg Konfyans, Problem ayisyen pa granmoun lakay li.Me rezume-a : Si Aristide te fe yon bagay pou peyi-a se pa bagay Aristide li ye, Si Preval realize yon bagay se pa Bagay Preval liye- se pou Peyi-a Nan tout sa yo la Pa gen Avni pou pep sa. Mwen kwe septent ak tropicana ban nou anpil bel mesaj nan mizik ke yo fe.
Posted on: Tue, 19 Nov 2013 04:02:31 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015