Nan okazyon fèt patronal nan Dupity, Katye komin Sainte Suzanne, - TopicsExpress



          

Nan okazyon fèt patronal nan Dupity, Katye komin Sainte Suzanne, mwen menm (Dr Samson) ansanm ak yon gwoup Doktè e enfimyè nan jou kite 26 jen 2013 la te prodige swen lasante gratis ti cheri a plis ke 500 moun ak bèt de yon santèn de moun nan kominote a te benefisye tou. Tout bagay te byen dewoule nan la jounen: Konsiltasyon ak medikaman gratis, visit ak tikozri nan Saut d’eau Pico, aktivite kiltirèl.. Men nan aswè sa ta pwal gate akoz de yon gwoup malfwa kita pwal simen latoublay. Fòk mwen di nou se te gwoup mizikal Alèz du Cap-Haitien ki tap jwe sware bal la. Nan moman li te pwan poz-entèmèd, mwen te chita ansanm ak twa (3) zanmi anndan espas kote yo te fè bifè bal la. Te gen anndan menm espas sa Depite komin nan ak kèk zanmi l’ pami yo yonn nan jij komin Sainte Suzanne nan. Soudainement, yon patizan Depite a penetre espas la e perkite yon tab trè trè fò. Sa te provoke gwo kè sote. Pandan patizan an tap bavade anpil avèk moun ki tap vann yo, limyè a etènn e boutèy ak katouch komanse fè kenken anndan espas la. Jij ap tire, Depite ap tire…. Nou ka imajine. Mezanmi se Bondye ki mete m’ deyò wi. Vim te vrèman andanje. Sak pi mal la, mwen gen yon bon zanmi m’ ki tap démele l’ nan ti yon boutik nèg yo antre pou al kraze l’. An fen kont nèg yo kreye yon sitiyasyon de panik anndan espas la, pandan kèk nan yo kache deyò pou etènn limyè, voye boutèy e tann anbiskad. Mesye ann itilize dialektik ak devlopman kòm zam pito. Tanpri ann sispann, ann pa eseye kreye ensidan ki kapab detwi tout yon kominote ki deja twouve l’ nan gwo soufrans akoz mank de perspicacite nou kòm dirijan. Wi, nou menm, nou di pèp Sainte Suzanne ak Dupity pap divize. Jenès la debou nan lanmou, lapè ak tèt ansanm pou vrè chanjman nan.
Posted on: Sun, 30 Jun 2013 14:18:45 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015