PRINCE IVIO Gen yon blan ki ap viv an haïti depi aprè goudou - TopicsExpress



          

PRINCE IVIO Gen yon blan ki ap viv an haïti depi aprè goudou goudou. Blan wè toto kap pase, blan di toto koman haitien fè ye konsa? Depi ou poze haitien yon question se ak yon lòt question li reponn ou? Si ou mande MATHALIE kòmanw ye? Li reponn koman ou wèm ye? Mande FRANCESCA kot manmanw? Li reponn ki moun kap mande pou li wi? Mande WESTERLINE kotew prale? Li reponn kisaw bezwen konnen? Sak fè sa explikem byen toto, Lè blan panse toto pral bay yon bon repons Toto di blan KI MOUN KI DIW SA?
Posted on: Thu, 14 Nov 2013 15:21:45 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015