Pastè Wilder Voltaire ak Konsil Ayisyen an ki nan Barahona, - TopicsExpress



          

Pastè Wilder Voltaire ak Konsil Ayisyen an ki nan Barahona, Pierre Philippe Brunet kap resevwa yon stòk liv pou aprann pale Kreyòl ak Panyòl ak tout CD yo nan men pastè Wilder ke li menm li ekri. sa vle di konsil la ap fè travay li seryezman nan zòn lan anplis lap ankouraje ekriven ayisyen yo tou kap viv aletranje espesyalman nan peyi Sen Domeng, nan zòn Barahona poko gen konsil avan l ki ko fè travay ankourajman sa a aux ecrivains haitiens qui vivent aux coeurs de Barahona, R.D. Pap janm ka gen yon vrè konpreyansyon bilateral ant 2 vwazen yo si youn pa konprann langaj lòt. Yo ta ka vin pi bon zanmi, youn te ka ede lòt pi byen, youn te ka envesti nan lòt pi byen, youn te ka vizite lòt pi byen, youn te ka konprann lòt pi byen si langaj yo 2 a tonbe aplon, oswa tonbe dakò. Epi relasyon an vin pi dire tou. Lè langaj yo vin komen, nou vin pa etranje youn pou lòt ankò. chak grenn dominiken mwen rankontre an Ayiti ki pale e tande Kreyòl la byen li toujou di m´ lè li sen domeng li se dominiken men lè li Ayiti li se Ayisyen tankou tout ayisyen. se inkonpatibilite de langaj ki pwovoke plis konfli antre nou, espesyalman antre de moun ki pa pale menm lang e ki pa gen menm langaj. Pastè Wilder ekri liv sa a petèt yon jou baryè kominikasyon ant Ayisyen ak Dominiken an ta tonbe. se sa li rele yon BABOUKET KOMINIKATF. Nou vin dekouvri anndan misyon konsil Pierre philippe la li gen ide sa a tou, bravo konsil Pierre Philippe Brunet pou bon travay sa a. ke Bon Dye toujou kontinye ba w menm ladrès natirèl sa a pou gen siksè nan travay ou, selon le bon plaisir de Sa volonté. Epi pastè a pwofite renmèsi w pou ankourajman w. Ou fèk sot gen siksè nan gwo chanpyona foot ball ou sot fè la a. mwen swete Bon Dye ap ba w siksè nan konkou MISS BATEY SUR 2013-2014 ou pral mete sou pye la a. nou salye tout staff konsilè a nèt san kite youn dèyè. sa pwouve nou gen tèt ansanm.
Posted on: Sat, 21 Sep 2013 04:38:56 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015