Sòm 140 140 ¶ (140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. - TopicsExpress



          

Sòm 140 140 ¶ (140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (140:2) Seyè, delivre m anba mechan yo non! Pwoteje m anba ansasen yo non, 2 (140:3) anba moun kap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. 3 (140:4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. 4 (140:5) Seyè, pa kite m tonbe anba men mechan yo, pwoteje m anba ansasen yo kap chache jan pou yo fè m tonbe. 5 (140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m sou tout chemen mwen. 6 (140:7) Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m non, Seyè, lè map rele nan pye ou. 7 (140:8) Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m lan. Wap pwoteje m lè batay la mare. 8 ¶ (140:9) Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive! 9 (140:10) Pa kite moun ki pa vle wè m yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo! 10 (140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo pap janm ka leve sòti. 11 (140:12) Se pou moun kap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l touye yo. 12 (140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. La defann kòz moun ki san sekou yo. 13 (140:14) Wi, moun kap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l yo va toujou viv devan l.
Posted on: Mon, 28 Oct 2013 10:51:25 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015