Temoignage Mwen santi m delivre paske m fè rankont ak jezi - TopicsExpress



          

Temoignage Mwen santi m delivre paske m fè rankont ak jezi kounya . Paske nanm mwen te swaf,mwen pat jwenn anyen kite ka satisfè m . M te chachel nan fi, nan machin, nan relasyon, nan konesans, nan lajan men youn pat ka satisfè m. Paske sa yo se vanite e nanm mwen te toujou grangou. Men te gen yon jou kite 4 aout 2013 m te fè rankont pèsonèl ak jezi. Jou sa m pap janm ka bliye l jou jezi te jwenn kèm li sove m e li chanje vim, m pa menm moun nan ankò, mwen se yon moun nouvo, m restore de tout vye salte sa yo. Jezi pase swaf mwen m vin gen yon lòt tanperaman. Anverite m rayi dyab paske l trò mechan li fè moun esklav, li fèw egare, li fè w fou, ou san vizyon, ou tankou yon avèg wap mache ou pa konn kote w prale. Men lè w nan jezi ou vin lib, ou saj, ou gen bon sans. M konseye tout moun ki poko fè rankont ak nonm sa, eseye paske ou pap regret. Se sè l jezi ki ka delivre w anba men dyab, li vle pote tout fado ou yo, li vle pase swaf ou e konble vid ou yo. Jodia mwen m di levanjil ou lanmò paske se li sel ki ka sove w. Viv levanjil refòm nan ,levanjil rayi peche a ,levanjil legliz primitiv la, levanjil apostolik la. Millien Jean Francky Millien Eglise de jesus-christ vision d une reforme [zao]
Posted on: Thu, 29 Aug 2013 03:00:44 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015