Ti koze sou tandans politik, Ki kote KORELI kanpe ? Dwat ou - TopicsExpress



          

Ti koze sou tandans politik, Ki kote KORELI kanpe ? Dwat ou Goch, Sosyalis ou Kapitalis ? Yon ti obsèvasyon sou group ak aktè politik yo. Pou nou koumanse ti refleksyon politik sa a, nou ap gade ansanm yon ti listwa Lafanmi. Ti listwa Lafanmi sa a ap pemèt nou wè pi klè tandans politik ki egziste nan peyi a, pandan ke nap obsève konpòtman aktè yo. Apre sa, nou pwal montre ki kote KORELI kanpe antanke òganizasyon sosyo-politik kap reflechi sou pwoblèm yo andedan komin Limonad ak pwopoze solisyon an menm tan. Se listwa Lafanmi yon jenn ti gason ki rele Danomil. Manman ak papa Danomil mouri kite l debwa balanse nan men lavi. Kòm Danomil pa gen plis ke nèf rekòt kafe sou tèt li, Danomil oblije ale rete swa kay Grann Dede ki se tant manmanl, oubyen desann lakay Mesye Jandodo ki se yon Zanmi manman l. Grann Dede pat rete two lwen .Danomil te prefere rete ak Grann Dede. Zafè Grann Dede pat fin twò bon, men ak lanmou, konpreyansyon, tandrès ak afeksyon li te resevwa Danomil lakay li. Grann Dede te voye Danomil nan yon lekòl nasyonal, men se nan difikilte pou Danomil te manje paske zafè lamanjay la te difisil lakay Grann Dede. Grann Dede te toujou separe ti sal genyen ak Danomil ak tout afeksyon sa mande. Se nan respè, ak diyite Grann Dede te vle leve Danomil. Mesye jandodo se yon nèg gran Zafè, yon nèg granpanpan, yon mouche grandizè. Selon sa Listwa rapòte mesye Jandodo te rete nan komin nan lè li te timoun. Abitan yo rapòte Jandodo pat konn di granmoun bonjou, e li te toujou di moun nan zòn nan pa sanble ak li, paske papal se te grandon, se te gran nèg, se te gro zotobre. Lè Jandodo te lekòl, li te toujou ap chache diferans sosyal ant li ak lòt timoun, pou di ke li nan gwo lekòl, li pat lekòl lise, li pat lekòl nasyonal. Jis rive nan laj granmoun, Mesye Jandodo pat janm konn salye moun, dayè paran l te kite Katye a depi Jandodo te gen kenz lane konsa, pou ale viv lòtbò dlo. Yo di nan lavi ou pa janm konnen sak ka rive. Lè mesye Jandodo gen Karant lane, Li kite peyi letranje pou vin fè bisnis an AYITI .Mesye Jandodo chwazi komin li te fèt ladan l nan pou l envesti. Kòm boujwa, grannèg, biznismann,li deside fè komès kafe paske zòn sa a te gen anpil kafe. Mesye Jandodo te kwè ke zafè kafe sa a ap ka grandi richès li byen vit si li achte kafe peyizan yo pou ti kras monnen epi ale fè magogo lanjan ak kafe nan peyi letranje. Nan sans sa a Mesye Jandodo oblije antre nan relasyon ak peyizan yo, bay yo ti èd, mete machin ranblè nan kèk tou labou, ranje pon ki te kraze, epi bay moun nan zòn nan manje pou kèk jou. Ak Mesye Jandodo nan komin nan se bèl bagay. Pa gen moun ki sonje sa Jandodo te ye avan sa. Ni pa gen moun ki wè se maketin bisnis Mesye Jandodo ap regle. Anpil moun nan zòn nan wè mesye Jandodo tankou se Dye. Podjab pòv malere ! Mesye Jandodo ap bay ti sèvis sa yo paske se peyizan yo ki pou vann li kafe. Fòk li gen kliyan, e fòk li fè yon jan pou yo wè nan li yon papa bonkè. Mesye Jandodo ap achte kafe peyizan yo nan ti pri piti epi ale vann byen chè. Mesye Jandodo ap souse peyizan yo tankou koulèb landòmi souse poul, malerèzman pa gen moun ki konsyan de sa. Se nan moman sa yo Manman Danomil te rankontre ak li e yo te mare zanmi. Danomil te rekonèt mesye Jandodo. Pafwa, mesye jandodo te konn bay li ti kado, menm lè se te pou fè grandizè. Kòm zafè Grann Dede pat twò bon Danomil te fè yon refleksyon : èske si li ale Lakay Jandodo li pap vin plis alèz ? Konsa, Danomil deside kite kay Grann Dede pou ale kay Jandodo. Rive Lakay Jandodo bagay yo ta sanble chanje. 1. Premyèman, Danomil jwenn tizo kay Jandodo, menm si se graton ak rès manje, men li pat jwenn yo kay Grann Dede. Pa gen moun ki ka di Danomil pa pi alèz nan sa ki konsène lamanjay, piske kay Grann Dede li pat jwenn anyen. Gen de pwovèb kreyòl ki di : pito nou lèd nou la , pito nou jwenn piti tan ke nou pa jwenn menm. 2. Dezyèmman, Danomil tap vire nan machin paske se sou machin pou li ale brote kafe. Estati sosyal Danomil ta sanble chanje piske kay Grann Dede pat gen bouwèt alewè machin. Lòt timoun nan zòn nan rele Danomil ti grannèg. 3. Twazyèm chanjman, Danomil pa gen tan pou li ale lekòl, kidonk Danomil kite lekòl. Kay Grann Dede, menm si sa pat twò bon, Danomil te nan yon lekòl nasyonal. 4. Katriyèm chanjman, kay Grann Dede se te lanmou ak afeksyon, kay mesye Jandodo se kout bouch, repròch, medizans ak imilyasyon. Devan sitiyasyon sa a, Danomil pa te sanble twò alèz kay mesye Jandodo, jan tout moun ta ka panse l. Se vre ke li te jwenn manje, se vre ki li tap woule machin, men jouman, repròch ak imilyasyon ap ravaje kè tinonm nan. Li déjà gen kat lane kay mesye Jandodo, timoun ki te kondisip li yo lekòl la, gentan nan nevyèm ane fondamantal piske lèl te kite kay Grann Dede li te nan senkyèm ane fondamantal. Danomil grandi, li te gen nèf lane, kounya li vin gen trèz. Fòk li fè yon chwa difisil. Chwa sa a se : 1. Eske Danomil ta dwe chwazi rete kay mesye Jandodo nan repwòch, anba move jan, anba kout bouch ak imilyasyon pou jwenn manje? Oubyen, 2. Eske li dwe retounen kay Grann Dede ki respèkte moun, ki kwè nan diyite moun, ki kwè nan ledikasyon, ki bay moun fome valè e ki diferan ak Jandodo ki pap sevi ak moun ki chwazi chimen lekòl ? 3. Eske paske mesye Jandodo ap fè kèk zèv grandizè nan zòn nan pou grandi biznis kafe l, vle di ke mesye Jandodo se bon moun ? 4. Eske lefè ke Grann Dede pa gen posibilite pou bay Danomil manje chak jou, vle di ke l pa ka responsab timoun ? Ti listwa sa a ka montre nou de tandans politik, toupatou sou latè. Moun ki entelektyèl yo pale de Goch ak Dwat, ousinon Sosyalis ak Kapitalis nan obsève pratik politik peyi lòt bòdlo yo. (D’un pays à l’autre les tendances politiques se ressemblent mais, elles sont différentes dans le contenu.) . Tandans yo sanble men yo diferan nan nannan yo. Tandans Goch la sanble ak tandans Sosyalis la. Tandans Dwat la sanble ak tandans Kapitalis la. Lè nou obsève group kap fè politik yo nan peyi Dayiti nou remake yon ti group Jandodo e yon group Grann Dede. Ti group Jandodo a se kapitalis enperyalis kap preche demokrasi liberal, demokrasi granmanjè, demokrasi souse tout, demokrasi piyajè, demokrasi kraze zo, demokrasi bwè san. Group Grann Dede a se group kap preche demokrasi konbitik. Konbit respè pou limanite, Konbit pou chanjman, konbit pou moun viv tankou moun, konbit pou blayi lanmou, konbit pou simen lapè, konbit pou tabli jistis sosyal, konbit pou simaye sekirite san pas pouki. E se la KORELI kanpe. Nou rete kwè ke si Danomil te rete soufri ak grann Dede, jounen jodi a, li te ka pat konn kondi machin ; men li tap konn li ak ekri. Danomil te twonpe l, piske li te kwè ke lakay enperyalis Jandodo li tap viv pi byen. Malerezman, enperyalis se esplwate moun ki motè travay yo. Enperyalis se souse san moun ki plezi yo, se blofe moun ki mak fabrik yo. Grann Dede se fanm ki konnen doulè manman pitit, se fanm ki kwè nan retire ti moso renmen ki nan kè li pou ede òfelen yo. Se rezon sa, ki lakoz menm lè Danomil te ale li oblije resevwa li ankò. Epi peye lekòl Danomil ak ti lajan komès pistach la. Bondye beni w Grann Dede!
Posted on: Mon, 11 Nov 2013 18:07:57 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015