"Yon Pasteur ki gen yon Madam kap fe-l monte le syel pa - TopicsExpress



          

"Yon Pasteur ki gen yon Madam kap fe-l monte le syel pa do" Manmzel di pasteur a, le- l legliz li a li se paste, men le l nan kay la, li pa pasteur pou li. Pasteur a paka pale ak okenn fidel nan telefon, si pou -l pale ak yon moun, fok telefon lan sou speaker. Pasteur a paka bay moun woulib paske madam lan ap fache e le manmzel fache se kraze brize., pasteur paka al vizite moun lakay yo, ni nan lopital paske se nan kolet madam li ap pran-l le-l retounen . depi pasteur a riposte, fon-w ti pale fo, madam lan plonje nan lestomak li. Paste a di-, lap oblije kite legliz la, al viv yon lot kote ak Madam li paske l renmen-l anpil, li oblije kite legliz la pou-l ka sove mariaj li a.. Eske Pasteur dwe kite legliz la pou-l sauve Mariage la oubyen dwe kite madam lan? Eski misye dwe esplike fidel yo nan ki sitiyasyon li ye ak madam li? Eske-l dwe pran otorite gason sou madam li, kijan-l ka fe sa? Rele nan 516-710-0534 pou-w di sa-w panse, kisa ki dwe fet nan situation sa... N.B: komanse rele a 7h35 am. Tande balad Matinal Hugues Sanon an sou radioverite, 712-432-1965 soti 7h am pou rive -9h am maten an la. Map koute w!
Posted on: Thu, 27 Jun 2013 09:45:13 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015