map priye, map aji, se sa pawol Bondye mandem, eske se politik map - TopicsExpress



          

map priye, map aji, se sa pawol Bondye mandem, eske se politik map fe, lem di sak fem mal, lem di sa kap pase la pa bon, lem pa vle bouche nenm poum bwe dlo sal? dim non mezanmi? komsi la lekol la pran REZ, peyizan pa ka plante, popilasyon an pa ka manje, ze, salami, chico kay vwazen ki fet nan move kondisyon ap anvayi peyim, sante popilasyon an menase. menm dlo nap bwe yo pa bon, yo kontamine tout sous nou yo finn kontamine, yo seche pou dlo pepe ka rantre, mezanmi nan kisa nou pran la, KI DIRIJAN kap travay nan entere peyi sa (Senateur, Depite, prezidan, Minis, CTCEP, CSPJ, PNH, TNH) mezanmi jiskile nap kite entere pesonel poun travay pou peyi sa, pou jenes la sispann mete espwa nan VISAS, REZIDANS, KANNTE, pou yo retire ko yo nan lanfe (se sa yo di). komsi la se konsa yon peyi dirije,porte parole dim non, tanpri dim non kot prezidanm lan ale, mwen ta byen renmen konen, konbyen kob kap depanse, eske se nan entere peyi ya vre? oh mezanmi ann pran konsyans. Komsi la nap kite peyi sa fini konsa vre, komsi nap kite ane ya fini poun pa fe ELEKSYON an vre. Komsi nou vle kouri ya rekomanse ankor, kiles ki gen entere nan sa kap pase la? oh Seigneur, fe tout dirijan mwen site la yo pran konsyans non, fe yo travay pou peyi ya non tanpri. piga pensonn di se politik map fe, sa plis ke politik, gen de jou mwen leve mwen anvi kouri vre wi men se pa SOLUSYON an. mta plis renmen HAITI CHANJE.
Posted on: Thu, 22 Aug 2013 03:42:27 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015