Frè m ak sè m yo Lapè Bondye avèk nou amen! Men yon - TopicsExpress



          

Frè m ak sè m yo Lapè Bondye avèk nou amen! Men yon yon konsèy map bay ak nou tout: Pa kite lanbisyon, lògèy fè nou touye ni frè nou ni sè nou pou anyen li pap mennen nou okenn Kote. Pafwa ou konn rayi frè ou sè ou pou yon pozisyon li okipe men ou pa Janm konnen ki sakrifis li fè pou sa e kisa lap andure. Medame yo lè nou wè nou nan trantèn nou ,pa kourI fè tenten pou nou di doub sis ap mouri nan men nou; Oswa pou nou rayi yon lòt zanmi ki gen chans marye depi nan laj ventènn li Oswa pou ou kite lògèy fè nou marye ak yon Garson nou pa konnen origine li ni tou San nou pa konsulte Bondye avan paske li ka gen revè dèyè li. Pafwa ou konn wè lòt sè ou marye ak yon yon Garson depi nan bazaj li te gentan fè tout Étude li, li okipe yon bèl pòs li gen bèl mezon, Vwati ak anpil domestic kap travay ak li epoutan lavi a konn pa bèl pou li. Bèl lavi pa vle di posede tout sa ki nan Mond LAN epi ou pa gen Lapè! Lajwa. Non se pa sa ditou. Bèl lavi a se lè ou nan yon bèl pozisyon ou gen anpil richès ak bèl gason epi Bondye pran plezi nan sa. Paske lè ou kite se Jesu ki pran Volan lavi ou ou te mèt wè lavi ou ta sanble chavire 4 wou anlè ou pa bezwenn pè; si Bondye te gen pouvwa pou li kalme tanpèt la li kapab resoud tout pwoblèm ou yo. Pinga ou chwazi paske se Bondye ki konnen sa lap pran, pa fè tenten pou anyen paske lavi ou pa yon aza ni yon aksidan. Konte sou Bondye nenpòt jan sa ye!
Posted on: Fri, 29 Nov 2013 13:54:01 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015