KOMITE POU TABLI AKADEMI KREYÒL AYISYEN AN Konferans pou laprès - TopicsExpress



          

KOMITE POU TABLI AKADEMI KREYÒL AYISYEN AN Konferans pou laprès nan okazyon Jounen Mondyal Alfabetizasyon an Nòt pou laprès Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an kontan salye tout pèp ayisyen an, tout elèv lekòl, tout etidyan, tout granmoun, tout timoun nan okazyon Jounen Mondyal Alfabetizasyon an ki ap fete dimanch 8 septanm 2013 la. Komite a salye espesyalman Sekreteri Leta Alfabetisazyon, ak tout lòt enstitisyon ki pa janm bouke travay pou fè respekte dwa pèp ayisyen an. Youn nan dwa fondamantal pèp la se dwa pou li viv nan lang li ki se Lang Kreyòl. Nan okazyon sa a, Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an, pouse twa gwo kout rèl : - Premye kout rèl la, se pou Otorite peyi a sou kesyon Alfabetizasyon an. Se pou Leta ayisyen chache regle koze Alfabetizasyon an nan peyi a, pou li kore Sekreteri Leta Alfabtizasyon (SEA) pou yon gwo pwogram ki pou di aklè nan konbyen tan popilasyon ap rive konn li, konn ekri. Regle pwoblèm Alfabetizasyon an dwe rantre nan yon chema jeneral amenajman lengwistik pou devlopman dirab. - Dezyèm kout rèl la, se pou Chèf Leta peyi a , Prezidan Joseph Michel Martelly pou Lwa sou kreyasyon Akademi kreyòl Ayisyen an. Sa fè de (2) mwa depi Akademi an gen tit legal li paske Lwa a fini vote nan Palman an. Komite a mande Prezidan Matelly pou li fè jès tout moun ap tan nan, pou li pwomilge Lwa a epi fè pibliye li nan jounal « Le Moniteur » jan Konstitisyon an mande sa, yon mannyè pou Enstitisyon Akademi an kanpe sou de pye militè li pou li ka koumanse travay nan enterè tout popilasyon an. - Twazyèm kout rèl la, se pou Senatè yo nan Palman an sou bidjè Akademi Kreyòl la. Komite a te ekri Palman an pou mande li mete bidjè pou Akademi Kreyòl Ayisyen an ka koumanse travay. Akademi Kreyòl se yon nesesite nasyonal ki pral kore tout lòt enstitisyon leta k ap travay pou vansman popilasyon an nan sa ki konsène Lang li. Se pou Leta mete mwayen pou pèmèt Enstitisyon reyalize objektif ki fikse pou lane 2013-2014 la. Pou fini, Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an salye tout manm laprès, li di yo gwo mèsi pou konba yo ap fè chak jou ki jou nan travay pou Lang Kreyòl la rive jwe wòl Lang ofisyèl li jan Konstitisyon an mande sa. Jedi 5 septanm 2013 Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an
Posted on: Tue, 10 Sep 2013 14:37:36 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015