Kanibalizasyon tet kale..... 05 nov kap vini la palman an - TopicsExpress



          

Kanibalizasyon tet kale..... 05 nov kap vini la palman an entepele 3 minis GOUV martelly, lamothe la.tou les 2 kan yo di se yon rezilta yon deal politik pou pemet sena rep travay pi byen .Yon deal politik...... ADYE BONDYA !!!!! Eske se pa yon sakrifis politik pito ?? Olye yo koupe tet bet la (tet gouv la)yo koupe kel,kom se yon Zandolit la repouse . Eske tou,se pa yon atitud de konfyans ekstrem tankou yo deja gen alye nan sena ki ka kontrekare yon vot sansi. bon antann le 05 nov na gen plis detay... Men anpil moun panse ke GOUV an voye move sinyal men li ta sanble anpil ak yon kay kap pran dife paran ak vwazinaj kouri kite 3 timoun boule aloske se pyes ak bagay enpotan paran yo tal eseye sove. move sinyal pou tout moun ke tet yo pi roz ke bwa ...alumet donk le sa mare yo ka kouri kitew . granmoun tjr di : EVITE MIYO PASE MANDE PADON ,SIW PA GEN BASEN OU PA ENVITE KANNA,brefff yo di tou : LEW PA GASON KANSON OU PA AL LEVE ZONBI REBEL paske si 3 minis sa yo fini ak yon vot sansi,yon lot fwa anko lap yon echek pou gouv an kap pwouve li pa ka defanm ni tet li ,ni patizan ak zenpatizan li. Nan TITATO politik sa mezanmi pou sam tande e suspek ki ka rive ....hummm jan defen manman mw konn di :Hamarante Hilaire DI PA DE BEK POU PALE KOZE SAAAAAAAAAAA
Posted on: Wed, 30 Oct 2013 16:47:04 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015