Kitem di nou fre ayisyen mwen yo ki ret nan peyia tande map di nou - TopicsExpress



          

Kitem di nou fre ayisyen mwen yo ki ret nan peyia tande map di nou yon bagay pa al kwe nan imaj moun kap byen mennen diaspora yo afiche swa sou rezo sosyal yo swa le yo antre an ayiti. Tande 85% ayisyen etazini ap travay nan faktori ak yon sale 7,25$,ki pa menm ka pemet yo moun peye menm yon sous-sol chak mwa res 15% gaye nan lot ti travay tankou chofe taxi, travay nan lopital, nan otel e latriye.Donk le sou fb ou lot rezo sisyal yo ou we moun kap poste imaj kay, machin ou byen manje pou fe nou kwe yap byen mennen tanpri souple pa okipe yo, lot bagay le diasporaa al ayiti lal kale mouda nan bay neg tafya epi kouche ti medam yo pou yon ti kob tande men veritea. Diasporaa avanl rantre ayiti life yon planifikasyon pa ekzanp neg la gendwa deside di lap antre ayiti an jiye 2014 epi nan ti kob lap touche nan faktoria li deside met chak vandredi yon 20$ sere yon kote ki donk disi jiye lap ekonomize yon ti kob, admeton sanm pafe pyes kalkil li desann ayiti ak 800$ Ki pwal bali 6.400 zorey bourik imajine lobey fewe neg sa kafe nan 10 jou lap fe deyea, bon yo di diasporaa yo toujou fre ala koze gen rad tout pri etazini e yo menm van rad Dezyem men. Mwen di tout sa yo se pou menm kap viv ayiti sispann kwe nan peyi etranje ak diasporaa bloffe an nou travay poun chanje ayiti
Posted on: Fri, 29 Nov 2013 14:34:19 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015