L`amour est mort du VIH! Beau comme un Dieu, sous mon - TopicsExpress



          

L`amour est mort du VIH! Beau comme un Dieu, sous mon costume sur mesure de Versace, ce matin, j`ai été à l`enterrement de mon cher ami Jérémie. Non. Teks la pa an franse. Se gou yon fanm ki rete nan bouch mwen, ki vire lang mwen, ki transfome lank nan tet plum mwen. Exposition : fanmi devan, zanmi proch deye, ainsi de suite. Moun ap antre anbrase la famille, pase gade mo a, tounen nan plas yo. Pi sansib pran kriz, lot ap kriye. Madan Jérémie inconsolable. Moun ki pa santi anyen, men ki ta renmen mete yo nan anbyans, pran pale de mo a, oubyen poze kesyon souli. Mwen, m ap jwe solitaire sou phone mwen. Lol! Sa pat pran lontan pou fanfa a te fin jwe, bay moun swe-sal-santifo siye ko yo, chita, pou anteman an komanse. Mwen femen phone mwen, m ap suiv anteman an. Pandan yon silans, yon koral louvri vwa l pou chante "sans inquiétude sous son manteau de grâce", sant yon Burberry London anbonmen sal la. Sant la rale tet tout moun, vire 0l nan antre prensipal la, pour admire Marjorie k ap antre. Sublime. Majestueuse. Li merite yon ko fanfa ak yon lon vwal dis fi de chak kote ap pote. M tande mesye deye m nan di ak yon zanmi l : si sa a se pa la vierge Marie, yo met femen legliz katolik. Paske yo pa konn manman Jesus. Lot fanm ap bay mari yo ti kalot deye tet pou yo vire tet yo, pandan je yo deye ap antre legliz la ak Marjorie ki pran san l ap kontrole chak pa li fe. L ap mezire chak santimet pou l pa leve pye l piro ke sa. Marjorie mete yo top. prel chevret fe ronn ti trou lonbrik li, desann nan tikal jup transparan, ra bouda barre de chair sanble alonje a. talon ro, yon tet ves kache santi l mwen imajine koman l fet, men ki pran anpil prekosyon pou l pi kout ke tikal jup la. Cheve l lage bo kou l, ak yon lunet ki kamoufle bote yeux l. Pandan 30 minut, depi se gason anndan an dekonekte nan anteman an. Mwen pran plus ke 30 minut pou m remake le Marjorie t ap antre an, li te gen twa lot demwazel ave l. Twa lot bel timoun. Men bote Marjorie imposante. Li kouvri bote lot medam yo. Le anteman an fini, y ap soti ak mo a pou y al simitye, mwen met dlo deyo. Mwen pran kriye pou kouzen m ki mouri. Epa ou soti pou w pran nan kou a tou! Se sa mwen di Marjorie pou m rive souli. Sa etone Marjorie ke Jeremie gen yon kouzen li pa konnen. Li pase men nan kou m, l ap konsole m, l ap mande m pitit kiyes mwen ye, kiyes mwen konnen nan fanmi an. Jérémie te konn pale m de moun yo, mwen komanse ba l enfomasyon. Mache, pale, nou fe yon gran kriye le nou rive simitye. Madame zuzunad la li menm, li gen youn nan zanmi l yo ki kenbe mouchwa l pou li, epi k ap siveye makiyaj li. Depi yo we limye yon ti dlo nan je Marjorie, yo gentan rele Marjo, ba l mouchwa a, epi di l pou l fe atansyon ak makiyaj la. Marjorie ap mache nan chale Potoprens ki 33 degre, zanmi l yo ap rele pou Marjo pa transpire. Hum! Apre anteman an, kay madan Jeremie, nou t al fe yon denye reverans. Madan Jeremie prezante m Marjorie kom kouzin Jeremie, li di l mwen se bon zanmi Jeremie. Li souri, epi parol yo chanje. Sete sel okazyon kite prezante pou m te pale. Mwen paka rate l. - Désolé de t`avoir menti. Mais je devais trouver une façon pour t`aborder. C`était la seule idée qui m`était venu à l`esprit. Pendant un bout de temps, j`ai hésité. Mais après mille fois réfléchi, je me suis dit : et pourquoi pas! J`espère que tu n`es pas fâché contre moi! - Mais non. J`ai déjà vu pire, crois-moi. Nan yon anbyans ri, n ap bay istwa, parlé de tout et de rien, byen rapid nou vin tankou de moun ki gen dizan byen. Mwen retrouve m nan li. Nou gen preske menm defo. Nou renmen preske menm bagay. A part que li autoritaire, mwen renmen personnalité l. li gen caractère. Mwen di l tou sa, e mwen di l mwen pap deplase san m pa konnen mwen gen ke l. - Marjorie, entre toi et moi, c`est le grand coup de foudre. Depuis que tu as mis les pieds sur la première marche de l`église, cet après-midi, tu m`as eu. Le hasard a voulu que toi et moi soyons a cette église, à cette heure, en ce triste moment pour nous lier d`amour. Dès que je t`ai vu à l`entrée de l`église, je me suis dit en moi-même : si cette fille n`est pas la vierge Marie, vaut mieux fermer l`église. Marjorie, je t`aime! Et je veux être un bon époux pour toi! - C`est vraiment mon jour de chance de croiser à mon époux dans une si pénible circonstance. C`est flatteur, mais c`est surtout osé de me prendre pour Sainte Marie, la mère de Jésus. Je ne mérite pas un si grand honneur. Je t`aime bien, tu sais! C`est justement par amour pour toi que je refuse de m`aventurer avec toi. Je suis navrée que tu ne puisses pas vivre ton amour comme tu l`aurais souhaité. Je vis avec le virus VIH depuis plus de trois ans. C`est mon cher époux qui me l`a transmis. Il est mort il y a deux ans de cela. Il a vécu cinq ans avec. Dieu sait combien de jeunes filles il a contaminé avec ce virus. Moi, je me fais belle justement pour me faire courtiser. J`aime écouter les menteurs qui disent je t`aime, comme s`il s’agissait d`une mode d`usage, ou d`un propos de bienveillance. Mon époux est parti avec une liste de jeunes filles qu`il a contaminé. Moi, je veux partir avec une liste de jeunes gens que j`aurais pu contaminer. Ton nom vient de s`inscrire comme 369e en trois ans. Tout le plaisir est pour moi! Jean Edcher Hippolyte
Posted on: Wed, 18 Sep 2013 03:54:18 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015