Otorite ayisyenn pran bon Jan mezi pou frennen kontrebann - TopicsExpress



          

Otorite ayisyenn pran bon Jan mezi pou frennen kontrebann dominiken sou teritwa Ayiti, yon fason pou anpeche grip avye antre sou teritwa a. Otorite dominikenn estomake pou mezi ki pran yo paske yo fe anpil milyon chak jou sou mache ayisyen an. Otorite dominikenn yo vi n an tyoutyoutt. Yo menm antre Ayiti vi n met presyon sou Otorite ayisyenn yo : Wilson Laleau, Jacques Thomas, Michel Chancy, etc. Si otorite ayisyenn sila yo kase mezi drastik ki te pran yo akoz presyon otorite dominikenn yo, si AH1N1 jwenn pot antre an Ayiti ak touye anpil nan frère nou yo ki deja ap espadone kolera MINUSTHA pote ban nou, c pou gouvenman 2016 la tradwi otorite ayisyenn sila yo lajistis ak sanksyone yo kom kriminel. Laguer aveti pa touye kokobe. Yon jou pou chase, yon jou pou jibye.
Posted on: Fri, 14 Jun 2013 13:29:18 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015