POUKISA OPOZISYON AYISYÈN NAN KACHE? Aktyèlman an Ayiti, gen - TopicsExpress



          

POUKISA OPOZISYON AYISYÈN NAN KACHE? Aktyèlman an Ayiti, gen plis pase 100 pati politik ki anrejistre legalman. Sepandan, majorite ladan yo pa kapab fè yon manifestasyon 5000 moun nan lari a. Tout moun dakò, se politisyen ki pou fè politik. Men, twòp pati politik se yon kansè pou demokrasi a. Ou imajine w yon negosyasyon ak 50 pati politik nan palman an ak 50 pwogram politik diferan? Se vre, gen anpil lidè politik nan peyi a. Malerèzman, anpil ladan yo, pèp la pa fè yo konfyans. Paske pèp la pran twòp move kou nan men yo. Kilakòz, popilasyon an vin trè pentad pou li pran lari a. Bò kote pa yo, lidè politik yo pè pran lari a tou. Poukisa? Menmsi yo ap kritike Martelly 24/24, majorite lidè politik yo pè pran lari a, paske : • Yo te menm lekòl Gnbis ak Martelly nan lane 2004. Martelly Konnen tout sekrè yo, paske yo te gen menm patwon. • Yo fè twòp move alyans politik (André Apaid) • Yo pa vle moun wè feblès yo sou teren politik la. • Yo poko prepare pou eleksyon vre. • Yo pè pou blan an pa koupe viza yo. Kidonk, tout faktè sa yo, lakòz lidè politik yo oblije chita ap fè bèl analiz nan radyo, olye yo pran beton an. Mwen panse, pou lidè politik yo ta reprann konfyans pèp la tout bon vre, fòk yo ta fè yon meyakoulpa nasyonal, pou yo rekonèt erè yo nan tan pase yo. Si yo pa prese fè sa, Martelly ap kontinye betize ak yo, arete yo ak disparèt yo. Paske pise gaye pa fè kim! HAÏTI CHÉRIE, Groupe ouvert
Posted on: Mon, 05 Aug 2013 15:36:20 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015