Pawol la. Ki levanjil kris te anonse nan ministe li?e ki mod de - TopicsExpress



          

Pawol la. Ki levanjil kris te anonse nan ministe li?e ki mod de levanjil jodi a tou ki ap preche?Poukisa jezi vini sou late?vini li senbolize anpil bagay.se laverite tout bon e montre fason jezi vle pataje avek nou lom.paske avan jezi te gen anpil p[rofet,tankou eli,elize,ezayi e anpil lot anko e tout se te jezi ki te voye yo men yo tap anseye e yo te anfas moun ki te la ki tap preche ki tap di yo se disip jezi,eske jezi te satisfe de travay la?pou mwen jezi pat janm satisfe paske lom konpoze de bon e de move paske pafwa sa poul fe jan jezi mandel la li fel selon li menm paske le nou nan aspe soyal se sosyal men espirityel se espirityel,paske si nou pran le li tap voye jonas a niniv poutan jonas li menm te prefere chwazi yon lot kote pou li te ale ki se te tasi>istwa jonas la te senbolize byen kle ke moun ki pou jezi yo li kite yo ak tout volonte yo men li fose yo juskaske pou yo arive fe sa ke li mande yo a.Jodi a mwen fache e menm an kole pou bondyem nan ki te kloure sou kwa paske pa gen de se yon sel san jis poum ka di nou ke jezi ak papa se yon sel,paske nou divize nou menm kote ke nou kreye yon paket divizyon pou nou ka kre ye pwop afe pa nou kote nou pran aspe sosyal nap metel nan afe divin.e map di nou sa jezi te di sa,travay la anpil men manke ouvriye e sin ta ap di jodi a nan peyi kote nap viv nou tap we kisa ke nou toujou jwenn plis se bank bolet epi kay kote nou fe nou di ke nap priye.e jounen jodi sin ta mande ki nasyon ki pi mal nan tout bagay yap di se ayiti,pandan ke se yon ti il ki pa menm two gwo.jezi te rantre nan tanp lan ak kole e li te pale byen fo li di tanp mwen ki se yon kay pou nou priye sa vle di ko nou ke nou nou itilizel pou nou vole,e peson tewolojyen pa ko janm bay yon definisyon sou sa pandan ke menm moun farizyen yo le yo tap di ke men disip yo ap manje ak men yo san lave.men sa ke moyiz te di e ki yes ki te voye moyiz?kiles ki te ekri dis komandman yo eske se pat jezi ki te bay yo?pandan ke nou menm nap fe pwop afe pa nou menm arive nan sevis sent sen lan se sa nou vle nou fe kote nap sevi moun nan plizye ti kep lave bouch gode pandan kre jezi li men m le li tap fel li pat janm fe sa e li pat janm di ke se fason sa ke nou oblije fel li te lave pye tout disip li yo li ba yo tout pran nan pen an ki senbolize ko li e li te ba yo bwe diven nan yon sel gode ki senbolize san li e li te di yo konsa men ki model mwen kite pou nou e chak fwa nap fel konsa na va sonje mwen se sak fe jiska prezan map mande eske vreman nan servis sent sen nou yo nou janm sonje ke gen yon jezi ki te mouri vre pou nou tout te ga lib e egal san patipri?wi mwen konnen ke nou pral di se poutet maladi kom eskiz men poutan nan epok jezi a te gen plis gwo maladi pandan ke jezi li men te mete dlo jouden an basen siloye,e te gen yon zanj ki pou te desann pou vire dlo a e tout moun ki te malad ki desann te geri,menm jou saba a jezi te di yon malad pran nat ou leve ou mache.sa vle di pa gen eskiz ke nap ka bay e jodi a map mande nou ki mod de levanjil nap preche?eske nou se yon model eske se pa pou fe moun kouri kote ke wayom bondye a ap pwoche pre nou paske nan tan jezi se te konpotman yo ki te fe ke yo we kiyes yo ye nikodem,zache malgre tout sa ke yo te genyen men yo te santi ke yo manke yon bagay,e se sak fe nikodem te ale kot jezi li te mandel kisa pou li fe pou li ka eritye wayom syel la?e map ba nou de egzanp gen youn ki se ansyen prezidan e se m=nouvo prezidan aktyel kote ke yo tap chache yon bagay nan kay kote nap priye yo men yo pa rete paske yo pa jwenn sa ke yo te vle a.pa gen plizye ras nou se yon sel devan jezi depi le vwal tanp lan chire a.nan espri nou egal pa gen plizye koule se nou menm nan afe sosyal nou ki distenge tout bagay nan fe aparisyon pa nou.se poutet sa mwen renmen pawol sa jezi te di a ke tout bagay fet.jodi a map vizite map panse m fache map soufri paske mwen we konsepsyon ak mantalite lom nou pedi tout imaj nou paske mwen we ayiti gen anpil pwoblem e li pap rive lwen.paske mwen we provete ak rayiman se kilti nou paske mwen we nou youn ayisyen nou pa gen pesonn konfyans paske sa kap tiye nou se koze tripotay la kap tiye fre nou ak bouch nou.pandan ke tout lot nasyon youn renmen lot.map mande kote lide yo ye se pa lide politik non men se lide relijye nou menm ki responsab pep bondye a sou te a.eske travay la fet?jodi a sa ki tris teolojyen nan mod mesaj yap preche se yo menm ki envantel,yo relel yon fason chak kote.gen de zon se kout pyes,medsin sou non moun,batri,men sou ministe jezi pat gen sa se nou menm menm ki envantel,map mande nou ki mod demoun nap swiv?kote sou tan jezi yo te vin dil seza di yo pou yo peye enpo yo te mandel eske yo dwe fe sa?jezi te mande yo yon pyes monnen li te di kiyes yo we sou li yo te reponn seza ebyen jezi te di yo bay seza sa ki pou seza e pou bondye sa kmi pou li.silvouple mesye pa melanje levanjil jezi a.jenerasyon kap vin kounya pa pale lot bagay yo di yo pral fe yon kay e yap bezwen de blan.paske yo pa kwe nan late anko yo plis kwe nan aza e se sak fe nou jwenn yon paket bank bolet.e si nou te konnen poukisa jezi vini an peson se pou nou li voye pitit li pase nan vant yon moun li voye jezi paske li pat satisfe travay la malgre sa te gentan anonse pa ezayi e janbatis ki te vin fe chemen an,jezikris te mouri pa menm moun ki di ke yap sevi bondye.paske sakrifikate yo te di sa de ja yon sel san gen pou koule pa pou pep jwif la selman men se pou tout nasyon sou late.men se pou yon sel ras,se sentespri ki te pase nan li poul te di mo sa,levanjil ke nap preche dwe transfome moun,paske le apot pol tap preche gen anpil moun ki te konveti paske sa nou dwe di a pa dwe soti n an nou menm se anwo li dwe soti se sentespri ki pou enspire nou paske apre etid nal nan teolojyen poun vin pale men ki apel divin ke nou jwenn?paske jezi tap pale li te mande disip yo kisa nou tande de mwen deyo a?jiskaske pye te arive reponn ke ou se kris la pitit bondye,kotre jezi te dil pawol sa a soti anwo.paske le yo arete janbatis jezi te toujou ap fe menm travay la.jan batis te voye mandel kiles li ye?eske se ou ki tre gen pou vini An?jezi pat bay oken repons.men apre poul te retirel nan dout,mwen dako nou ka nan dout,men pa pou toutan nou kapab di jezi te dwe gentan vini pou mize nap pase.jezi te di yo al di jan men sa nou we ak sa nou tande.nou menm ki di nap sevi bondye depi nou mete pye nou yon kote tout vye espri ta dwe kouri kite espas la men se nou menm kounya ki retire yo.le jezi te rankontre ak moun ki te posede a li te di jiske la ou vin pesekitem jezi pat kitel pale li.e li te dil pa voye nou jete nan labim men voye nou sou kochon sa yo ki lotbo a pito e kote kochon yo menm ki te santi yo vekse te arive jete tet yo nan lanme.jezi ban nou yon paket pouvwa depile li te di tout pouvwa pou mwen depi nan syel lal jis sou te a.jezi mouri sou kwa pou nou olye nou adore jezi nou adore kwa pito.pou ale pi lwen pou montre nou kote nou a lanve e vize an arye,pwofesi lanmo jezi te anonse poul pase nan vant mari olye ke nou adore jezi toujou nou adore mari ki te jwenn fave sa.nou ka al nan tewoloji poutan nou pa yon konveti.jezi di li se pawol la li se komansman e li se denye nou menm jounen jodi a nou pa itilize pawol men nou itilize zam pou nou tiye tet nou.sa map di nou mesaj sa a ke nou tande e nou we,map mande konbyen fwa nou sakrifye vi nou pou yon pi piti pasen?jezi te sakrifye vil pou nou e li te leve ak yon ko gloriye,pouki noi pa vle sakrifye vi pa nou pou nou retire sa yo ki nan idolatri,mansonj,iprokrizi,?tout sa nou di sou te a li ekri nan syel la mwen tap pale ak yon moun ki rele doudli o sije de maryaj,mwen te dil se kesyon de ke sa ye depi ke ou gentan aksepte li syel la gentan ratifyel,benediksyon pa soti nan lom,mwen toujou ap pale de pawol la ak kek lot zanmi de levanjil pur ke jezi kite pou nou.ki se David,Janet,Lyonel,map kite nou la ak yon pawol kote ke map di nou yon ekselant semen.poum di apot pol tap pale de pawol la e li te di nou dwe chanjee sa va koz ke nou sove.pou konsey frem yo an nou chanje mod de vi nou. David Draeger can to expressing to you.
Posted on: Sun, 20 Oct 2013 18:18:13 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015